AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA) Kalandriye aktivite Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2017 Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan kolaborasyon ak Ministè Kilti, ak tout lòt patnè li yo mete ak sipò UNESCO ap reyalize yon mwa aktivite soti lendi 2 oktòb rive 31 oktòb 2017 pou selebre lang ak kilti kreyòl. Tèm ane 2017 lan se: « Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt ! ». Nan okazyon sa a, AKA ansanm ak patnè li yo ap pwofite fè pwomosyon pou premye rezolisyon ki soti sou òtograf lang kreyòl la pandan l ap fè sansiblizasyon pou respè ak valorizasyon kilti lokal, dwa lengwistik ak kiltirèl nan tout sektè sosyete a. Ane sa a, Akademi an ap pibliye an kolaborasyon ak MENFP ak UNESCO de (2) dokiman an kreyòl sou « Jesyon Ris ak Dezas ». Nan lide sa a, AKA rasanble kèk pwen k ap chapante aktivite yo : - Deba sou bilengwis, nan lekòl ak nan inivèsite a sou wòl, misyon ak estati Akademi Kreyòl Ayisyen / vilgarizasyon premye rezolisyon sou òtograf la ; - Fòmasyon pou pwofesè kreyòl (didaktik lang matènèl); - Promosyon liv ak lòt dokiman ki ekri an kreyòl; - Akourajman ak valorizasyon kilti lakay / Sansibilizasyon sou dwa lengwistik ak kiltirèl; - Manifestasyon syantifik, literè, kiltirèl nan lang kreyòl ; - Aktivite sosyokiltirel tout enstitisyon patnè Akademi kreyol Ayisyen pandan tout mwa oktòb la.
This document is posted to help you gain knowledge. Please leave a comment to let me know what you think about it! Share it to your friends and learn new things together.
Transcript
AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA)
Kalandriye aktivite Mwa Lang ak Kilti Kreyòl 2017
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) nan kolaborasyon ak Ministè Kilti, ak tout lòt patnè li yo mete ak sipò UNESCO ap
reyalize yon mwa aktivite soti lendi 2 oktòb rive 31 oktòb 2017 pou selebre lang ak kilti kreyòl. Tèm ane 2017 lan se:
« Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt ! ».
Nan okazyon sa a, AKA ansanm ak patnè li yo ap pwofite fè pwomosyon pou premye rezolisyon ki soti sou òtograf lang
kreyòl la pandan l ap fè sansiblizasyon pou respè ak valorizasyon kilti lokal, dwa lengwistik ak kiltirèl nan tout sektè
sosyete a. Ane sa a, Akademi an ap pibliye an kolaborasyon ak MENFP ak UNESCO de (2) dokiman an kreyòl sou
« Jesyon Ris ak Dezas ».
Nan lide sa a, AKA rasanble kèk pwen k ap chapante aktivite yo :
- Deba sou bilengwis, nan lekòl ak nan inivèsite a sou wòl, misyon ak estati Akademi Kreyòl Ayisyen / vilgarizasyon
premye rezolisyon sou òtograf la ;
- Fòmasyon pou pwofesè kreyòl (didaktik lang matènèl);
- Promosyon liv ak lòt dokiman ki ekri an kreyòl;
- Akourajman ak valorizasyon kilti lakay / Sansibilizasyon sou dwa lengwistik ak kiltirèl;
- Manifestasyon syantifik, literè, kiltirèl nan lang kreyòl ;
- Aktivite sosyokiltirel tout enstitisyon patnè Akademi kreyol Ayisyen pandan tout mwa oktòb la.
AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA)
No Dat / Lè / Lokal Aktivite Moun kontak 1
Lendi 2 oktòb, 9è30 am
Ministè Kominikasyon (Bois-Verna)
Konferans pou Laprès (Nan kad « Les lundis de la presse ») Akademi Kreyòl Ayisyen / Ministè Kilti
Akademi Kreyòl Ayisyen 3333-0815 /3333-0816 / 2817-5964 / 2817-5965
« Madi liv kreyòl » vant siyati / ekspozisyon ak konferans Entèvenan: Lyonel Trouillot, Jean Pauris Jean Baptiste Ak Direksyon Nasyonal Liv – Akademi Kreyòl Ayisyen
Derlie Celestin 33-33-0816
3
Jedi 5 oktòb, 2è pm, nan lakou BNE
Fim etnografik sou tèm : “kèk reyalite nan milye peyizan Ayisyen an” ak Mesye Louis M. Lecoin. animasyon: Pwojeksyon fim SONSON, Jean Claude Bourjolly
Madam Carine Victorin 38-15-47-01
4
Vandredi 6 oktòb
4è30è pou 7è30 pm Nan Jaden MUPANAH sou chanmas
Lansman ofisyèl aktivite mwa lang ak kilti kreyòl 2017 Diskou ofisyèl / Aktivite kiltirèl Akademi Kreyòl Ayisyen / Ministè Kilti
Konsè mizik avèk Òkès Filamonik/Seksyon Big Band Teyat la Mesye Ansito – 36-4351-01 Augustin Alin- 47-72-9890
6
Lendi 9 oktòb, 10è-rive midi, lokal IERAH/ ISERS
Konferans/ deba sou tèm : « Pwodiksyon memwa inivèsite nan lang kreyòl » Entèvenan : Daniel Sinéus (UEH) / Lidya Bradford (Duke University)/ Wilber Baguidy (UEH) --- Remiz plak
Mesye Jean Rony Beaucicault. – 33-46-66-64
7
Soti 9 pou rive 13 oktòb nan plizyè lekòl
konkou tèks kreyòl nan lekòl yo Sekreteri Leta Alfabetizasyon
Madam Guerty Frena (SEA) 37-70-54-86
8
Madi 10 oktòb, 10è am Lokal: Lise Petyonvil
« Madi liv kreyòl » vantsiyati / ekspozisyon ak konferans Ak Direksyon Nasyonal Liv – Akademi Kreyòl Ayisyen
Derlie Celestin 33-33-0816
9
Madi 10 oktòb, 10èam Nan lakou BNE
Lekti piblik ak Jean Junior Théodore sou tèm : “ Listwa nou nan lang nou”. Animasyon Lekti tèks « Ti dife boule sou istwa Ayiti », Michel Rolph Trouillot
Madam Carine Victorin 38-15-47-01
10 Mèkredi 11 oktòb, 3è20pm nan lekòl Marie-Anne (Bourdon)
Konferans – deba / vantsiyati / ekspozisyon liv Entèvenan : Akademisyen Pierre Michel Chéry
Derlie Celestin 33-33-0816
AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA)
11 Jedi 12 oktòb, 10èam rive 4èpm, nan lokal EFACAP ( Tigwav)
Konferans sou tèm “ Woman Kreyòl”, entèvenan: Pierre Michel Chery Kozri sou pwezi kreyòl ak sou liv ZO KANZO. Entèvenan : Anivince Jean Baptiste
Konferans - deba nan (lise ak kolèj) sou tèm « Jèn yo, an nou sèvi ak lang nou tout kote san baboukèt ! ». ak tèm sosyolengwistik Atelye lekti ak ekriti ak distribisyon liv kreyòl sou « Jesyon Ris ak Dezas » AKA/UNESCO
Derlie Celestin 33-33-0816
13 Mèkredi 18 oktòb, 11è am Nan lakou BNE
Dyalòg kiltirèl ak Lyonel Trouillot sou tèm: “Jwèt baton e patrimwan kiltirèl imateryèl “ animasyon: Dyaloge ak atis sou pwodiksyon nan lang kreyòl
Madam Carine Victorin 38-15-47-01
14 Mèkredi 18 oktòb, 2èpm nan lokal lise des Jeunes Filles
“Fwa manje kreyòl” ak konferans/deba, ekspozisyon zafè pèsonèl Moris Sisto Prezantasyon jwèt “Scrabble “ an kreyòl ak Sekreteri Leta pou Alfabetizasyon
Vandredi 20 oktòb, 9è am rive 3è pm nan IERAH / ISERS
Jounen refleksyon sou lang ak kilti kreyòl brase lide sou zèv: Felix Moriso Leroy, Moris Sixto, Pierre Vernet, Suzanne Commère Sylvain Akademi Kreyòl Ayisyen / Asosyasyon Vag Literè Entèvenan: Herby Glaude, Jean René Fils, Dominique Batraville, Edson Otilien
Monsieur Nelson Martineau - 3333-7749
19 Samdi 21 oktòb, 10è am, nan lokal BNE
Konferans sou tèm “ Yon lòt koutje sou Vodou Ayisyen an: Lang ak Kilti Kreyòl”, entèvenan: Erol Josué ak Pierre Michel Chéry
Anivince Jean Baptiste : 47-30-07-14
19
Madi 24 oktòb, 10è am rive 1è pm nan lokal IERAH / ISERS
Jounen refleksyon sou lang ak kilti kreyòl Akademi Akademi Kreyòl Ayisyen / Asosyasyon Vag Literè Entèvenan : Dominique Batraville
Monsieur Nelson Martineau - 3333-7749
AKADEMI KREYÒL AYISYEN (AKA)
20
Madi 24 oktòb, 10è00 am, lokal: ………..
« Madi liv kreyòl » vantsiyati / ekspozisyon ak konferans Ak Direksyon Nasyonal Liv – Akademi Kreyòl Ayisyen
Derlie Celestin 33-33-0816 / DNL- 48-90-31-35
21
Vandredi 27 oktòb, 2è pm, nan lakou BNE
Vandredi Syantifik : sou tèm : « Evolisyon lang kreyòl la pou rive nan pale bolit la » ak Dr Renauld Gauvin, Pwof Guy Gérald Ménard. Animasyon: Konferans
Madam Carine Victorin 38-15-47-01
22
Vandredi 27 oktòb, 10è am rive 4è pm, nan Lise Petion- Ville
Jounen jwèt Kreyòl – Fondasyon Moris Sisto
Madam Gertrude Séjour 34-49-35-83
23
Samdi 28 oktòb, 5è pm (antre 100 goud) Nan lakou Teyat Nasyonal