-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Rapò aktivite Selebrasayon Jounen entènasyonal Lang manman
Fevriye 2020
Pòtoprens / Plato Santral
- Rapò naratif
- Rapò finansye
Tèm Ane 2020 an:
« Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo! »
Ak kolaborasyon Biwo UNESCO, Ayiti
Sekretarya Egzekitif AKA
Avril 2020
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Rapò naratif: Kontni
- Entwodiksyon
I- Aktivite nan Pòtoprens
I.1.- Entèvansyon Prezidan AKA ak Sekretè Egzekitif AKA ak
Espozisyon liv kreyòl nan
« Salon du Livre Scolaire», Université QUISQUEYA
I.2,- Kozri DE BATAN nan AKA
I.3.- Konferans deba pou etidyan ak Akad Gérald Guy MENARD avèk
Akad. Emmanuel
BAZILE nan Fakilte Lenguistik Aplike
I.4.- Seminè lekti ak ekriti kreyòl pou manm Sosyete Sivil avèk
Akademisyen Rogeda D.
DORCIL / Akad. Gerard M TARDIEU nan Direksyon Etid Pòs Gradye
(UEH)
I.5.- Konferans deba pou elèv klas filo avèk Akad. Pierre Michel
CHÉRY / Akad. Rodny
LAURENT.ESTÉUS nan Lise Petion ;
I.6.- Konferans Deba pou elèv klas filo avèk Akad. P.
JEAN-BAPTISTE nan Lise Toussaint.
I.7.- Bibliyoterapi avèk Akad Jocelyne TROUILLOT nan « Collège
Méthodiste de Frères » ;
II- Aktivite nan Plato Santral
II.1.- Sware literè pou lansman aktivite yo Plato Santral nan
SMART BAR, Ench;
II.2.- Fòmasyon pou Jounalis Plato santral nan Bibliyotèk
minisipal Ench;
II.3.- Konferans nan Université Episcopale d’Haiti, Mibalè ak
Akad. D.BARTHELMY;
II.4.- Fòmasyon pou pwofesè kreyòl Plato Santral nan Bibliyotèk
minisipal Ench
II.5.- Konferans nan Collège Saint Matin De Porès avèk Akad.
Dominique BARTHELMY ;
II.6.- Konferans nan « Université Publique du Centre » avèk
Akad. Pierre Michel CHÉRY ak
Akad. Guy Gerald MENARD.
- Konklizyon
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Entwodiksyon
Kòmansman ane 2020 an te chaje difikilte nan peyi a. Sikonstans
politik ak sosyal yo te anpeche
AKA egzekite ajanda li te tabli kòmsadwa pou mwa fevriye 2020 an
Jounen entènasyonal lang nan
okazyon. Malgre sa, AKA te rive reyalize kèk aktivite pandan mwa
fevriye 2020 an.
Pou ane 2020 an, AKA te chwazi tèm: Respekte lang manman timoun
yo se respekte dwa yo ! Se
nan depatman Plato Santral AKA te chwazi selebre dat sila a. Nan
tèks sa, nou prezante rapò divès
aktivite AKA te reyalize nan mwa fevriye a.
Selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman an (21 fevriye), te
pèmèt Akademi Kreyòl Ayisyen
(AKA) mobilize anpil resous ak enèji, pou òganize plizyè
aktivite soti 5 rive 21 fevriye 2020 :
Konferans deba nan Pòtoprens ak nan Depatman Sant pou elèv,
etidyan ak manm kominote a, Seminè
lekti ak ekriti pou manm sosyete sivil la nan Pòtoprens,
fòmasyon pou pwofesè kreyòl ak jounalis,
espozisyon liv kreyòl nan Ench.
Apre lansman Jounen entènasyonal lang manman an, 5 fevriye 2020,
kote Prezidan Akademi livre
mesay ofisyèl AKA pou mwa lang matènèl la, nan lokal Akademi
Kreyòl Ayisyen, Akademi an te
òganize yon jounen fòmasyon sou Lekti ak Ekriti pou enstitisyon
ak òganizasyon sosyete sivil la
nan Direction des Études Post-graduées, Pòptoprens. Se
Akademisyen Rogéda Dorcé DORCIL ak
Akademisyen Gérard Marie TARDIEU (ak ekip li) ki te prezante
fòmasyon sila a.
Nan semèn 17 pou rive 22 fevriye, AKA te pwograme yon misyon
espesyal nan Depatman Sant kote
madi 18 ak mèkredi 19 fevriye li te òganize Espozisyon liv ak
konferans nan Inivèsite ak nan lekòl.
Pandan de (2) jounen sa yo, AKA espoze liv ak dokiman kreyòl nan
Bibliyotèk minisipal Ench lan
kote divès jounalis ak pwofesè kreyòl te gen chans fè konesans
ak yon dividal liv kreyòl. Yon lòt bò,
nan komin Ench ak Mibalè, sou tèm,
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
«Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo!»
Akademisyen Grégory CALIXTE,
Pierre Michel CHERY, Dominique BARTHELEMY ak Guy Gérald MENARD
te prezante konferans
nan « Université Publique du Centre », nan Lise
Dumarsais Estimé ak Petit Séminaire Collège Saint Marin de
Porresse. Patisipan yo te gen chans
reyaji sou enpòtans lang manman an genyen nan sistèm edikatif
ayisyen an, pandan yo fè konnen
elèv yo t ap bay plis rannman, si yo te resevwa edikasyon an
kreyòl ki se lang yo.
Toujou nan depatman Sant, Akademi Kreyòl Ayisyen te òganize yon
jounen fòmasyon pou jounalis
pou pèmèt sektè a gen kapasite pou li pi byen itilize lang
kreyòl la nan travay li. Se yonn nan gwo
objektif Akademi Kreyòl Ayisyen bay tèt li nan kad pwomosyon l
ap fè pou lang kreyòl la. Se nan
sans sa a, AKA te òganize madi 18 fevriye 2020 an, yon jounen
fòmasyon pou jounalis yo. AKA te
reyalize fòmasyon sa a nan Bibliyotèk minisipal Ench. Se
Akademisyen Pierre Michel CHERY,
Wilner DORLUS ak jounalis Jacky MARC ki te anime fòmasyon sa a
sou kominikasyon kreyòl nan
medya.
Mèkredi 19 fevriye 2020, se te fòmasyon pou pwofesè kreyòl nan
depatman Sant. Fòmasyon sa a te
dewoule sou tèm Didaktik kreyòl, lang mantènèl pou swasant (60)
pwofesè kreyòl ki soti nan plizyè
komin nan Depatman an. Akademisyen Grégory CALIXTE ak Wilner
DORLUS te gade ak patisipan
divès fason kèk moun wè lang kreyòl la ak pi bon metòd pwofesè
kreyòl yo ka dwe itilize nan klas
pou fè elèv yo konprann pi byen.
Jounen entènasyonal lang manman an te bay Akademi an okazyon pou
li kontinye travay valorizasyon
lang kreyòl la epi envite lòt aktè nan sosyete a rejwenn li pou
kore devlòpman lang kreyòl la jan
Konstitisyon peyi a mande sa.
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
I- Aktivite nan Pòtoprens
I.1.- Entèvansyon Prezidan AKA, Sekretè Egzekitif AKA ak
Espozisyon liv kreyòl nan «
Salon du Livre Scolaire », Université QUISQUEYA.
Akademi Kreyòl Ayisyen toujou pwofite chak okazyon pou mennen
mesaj li ale pi lwen. Sousi sa a
ranfòse a mezi batay pou lang kreyòl la ap
miltipliye nan sosyete a. Nan sans sa a, Akademi
kreyòl Ayisyen patisipe nan dat 6 ak 7 fevriye 2020
an nan yon aktivite ki pote non « Salon du manuel
scolaire et des ressources pédagogiques »,
INNOVE-UniQ. Aktivite sa a te òganize nan
Inivèsite Kiskeya nan lide pou ankouraje egzèsis
lekti nan peyi a epi reflechi sou fason ansèyman ap
fèt nan lekòl yo.
Nan yon sal plen ak reprezantan MENFP, ak pwofesyonel edikasyon,
kad, pwofesè ak reprezantan
divès sektè piblik kou prive, prezantasyon yo te dewoule pandan
premye jounen an sou pwoblematik
lekti, ekriti liv ak resous pedagojik k ap sèvi pou fòmasyon
elèv yo nan sistèm edikasyon ayisyen an.
Prezidan Akademi an, Akademisyen Pierre-André PIERRE bat bravo
pou kokennchenn inisyativ sa
a epi fè konnen plas lang kreyòl endispansab nan sistèm
edikasyon peyi a. « Okenn moun pa ka
aprann nan lang ki pa lang li…», nou t ap site prezidan Akademi
an ki pwofite fè yon rale sou tèm
Akademi Kreyòl la kenbe pou selebrasyon Jounen entènasyonal lang
manman an pou ane 2020 an :
« Respekte lang manman timoun yo, se respekte dwa yo !».
Madanm Luna GOURGUE te pran lapwòl pou l pale sou sitiyasyon
lang nan sistèm edikatif ayisyen
an kote pa gen ni aprantisaj ni konpreyansyon nan sistèm nan ;
se etidye, resite pa kè san konprann
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
nan yon lang elèv y opa konnen byen. Konsa pa gen konstriksyon
konesans vre ki se eleman
fondamantal aprantisaj. Sekretè Egzekitif AKA a fè yon bon rale
an kreyòl sou divès eleman « siko-
sosyo-koyitif » ki kanpe tankou yon baryè devan elèv yo.
Akademi Kreyòl Ayisyen te pwofite de (2) jounen sa yo pou li te
espoze anpil liv ak dokiman kreyòl.
Plizyè Akademisyen otè, editè te ekspoze zèv yo.
I.2- AKA DE BATAN
Akademi Kreyòl Ayisyen te louvri pòt li de (2) batan Vandredi 7
fevriye 2020 an, pou lanse premye
edisyon AKA DE BATAN. Se yon nouvo aktivite ki pou pèmèt plizyè
sektè sitou etidyan vini twoke
lide ak kreyatè yo sou zèv yo reyalize ak
kide yo devlope.
Objektif AKA DE BATAN se rive
“Kreye yon espas pou Akademi Kreyòl
Ayisyen an tande dizon lòt aktè k ap
pwodui, reflechi sou/nan lang kreyòl
ayisyen an. Aktivite sila dwe pèmèt
Akademi an tounen yon kafou echanj,
deba, refleksyon pou vansman lang kreyòl
la.” Konsa, chak dènyè vandredi nan mwa, soti 2è rive 4è, AKA ap
louvri pòt li pou resevwa
pwodiktè, aktè, otè, ak tout moun ki vle patisipe nan AKA DE
BATAN.
Pou premye edisyon AKA DEBATAN, envite donè a se te Akademisyen
Ekriven Jean Pauris JEAN
BAPTISTE.
Se Sekretè Egzekitif Akademi Kreyòl Ayisyen, Luna GOURGUE ki te
louvri AKA DE BATAN.
Apre li te fin salye asistans lan, douvan plis pase yon douzèn
etidyan ki soti sitou nan Fakilte
Lenguistik Aplike (FLA), Madam GOURGUE te esplike rezon chwa
envite donè a. Pou Madam
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Luna GOURGUE chwa Akademisyen Pauris JEAN BAPTISTE kòm envite
donè vle di anpil. Non
sèlman se premye Prezidan KAd la (Konsèy Administrasyon AKA),
Akademisyen an se ekriven, se
yon otè ki ekri anpil liv kreyòl (mete sou sa, se yonn nan
ekriven ayisyen ki soti plis liv woman an
kreyòl). Li konsakre tout vi li nan travay pou devlòpman lang
kreyòl ayisyen an atravè zèv li yo.
Apre prezantasyon Madam GOURGUE la, li te pase moderatè a, Iléus
PAPILLON mikwo a pou rès
prezantasyon AKA DE BAKAN. Mesye PAPILLON fè yon gwo rale sou
Akademisyen Jean Pauris
JEAN BAPTISTE epi montre plas vanyan gason nan literati peyi
Ayiti: «Nou pa konnen poukisa se
ane 1936 ki pote ban nou twa (3) mapou sa yo. Men ane 1936, se
yon ane ki mande nou reflechi sou
li. Se nan ane sila, 3 mapou nan Literati ayisyen an pran nesans
: Jean Pauris JEANBAPTSITE (mas
1936); Frankétienne (avril 1936) epi Georges CASTERA (desanm
1936) ki mouri nan menm semenn
aktivite a. Twa (3) gwo wòch dife sa yo, nan fason pa yo pral
make Literati ayisyen an ak kreyasyon
yo. Georges CASTERA se powèt ayisyen ki ekri plis liv pwezi
kreyòl epi ki foure pwezi kreyòl la
nan modènite li; Jean Pauris JEAN BAPTISTE se ekriven ayisyen ki
ekri plis woman an kreyòl epi
Frankétienne ki pibliye yon woman an kreyòl, (akote Émile
Célestin MEGIE alyas Tojiram). Nesans
twa (3) otè sa yo vin akouche yon triyang wololoy. Se twa (3)
poto mitan. Sa ki esplike chwa
Akademisyen JEAN BAPTISTE kòm envite donè gen tout lejitimite l
pou yon aktivite konsa ». Sijè
li trete yo se materyo ki soti dirèkteman nan kotidyen, kilti ak
reyalite pèp ayisyen an. Sa ki fè zèv li
chita doubout nan reyalite sosyal peyi Ayiti. Pami zèv Jean
Pauris JEANBAPTISTE yo, nou ka site:
Pwovèb Ayiti (2011) / Zing Lavi (2008) / Istwa yon chat baka
(1983)
Nan lonbray inosans (1985) Liv sa ranpòte pri Deschamps 1985
Sogo nan kwazman gran chimen (1979) / Chwichwi Granchemen
(1975)
Deblo Zabèl Bobori (1996) / Lekti sou 2 chèz (1981)
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Anpil enstitisyon ak pèsonalite tout kalite salye zèv, travay ak
enplikasyon Akademisyen JEAN
BAPTISTE nan kore devlòpman lang kreyòl ayisyen an. E kòm pandan
aktivite sila a, AKA te
pwofite rann Georges CASTERA omaj, Anivince JEAN BAPTISTE te li
kèk estrè tèks powèt
Georges CASTERA ki soti nan yon antoloji ki pote tit
Rabouch.
Nan okazyon an, Akademisyen Jean Pauris JEANBAPTISTE te pran
lapawòl pou esprime kijan li
santi li onore paske AKA chwazi li kòm envite donè nan kad AKA
DE BATAN. Li te esplike kijan
lavi li te kòmanse depi nan komin Tènèv, Depatman Latibonit peyi
Ayiti, pase Gonayiv jouk li te rive
nan peyi Lafrans kote li ta pral etidye : «Premye fwa papa m
mennen m lekòl, direktè lekòl la di
mwen pa te fèt pou lekòl. Se jaden pou m al fè. Mwen retounen
jwenn papa mwen Tènèv. Papa m te
kriye anpil. Men li pa te dekouraje ak mwen. Kòm papa mwen te
konn li ak ekri, li te montre m nan
sa li konnen. Mwen vin ale lekòl toutbon jis nan laj 10 zan nan
mitan yon bann timoun mwen te ka
pwofesè yo. Mwen vin ap premye nan sal la. Mwen panse m te fò,
epoutan, se paske m te konnen
anpil nan sa pwofesè yo ap montre m yo. Papa m te gen tan montre
m anpil nan yo. Manman mwen
pa te konnen li, men li te montre m konte lajan nan mache. Se
tout esperyans sila yo ki patisipe nan
fòme karaktè mwen epi fè mwen vin moun mwen ye jodi a.»
Apre prezantasyon an, etidyan yo te poze anpil kesyon. Mesye
Jean Émile PAUL ki te akonpanye ak
yon gitaris te anime finisman aktivite a ak chante epi pwezi
Georges CASTERA.
Aktivite a vini a 4è ak anpil kè kontan. Patisipan yo swete AKA
DE BATAN kontinye sou menm
chimen an.
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
I.3.- Konferans deba pou etidyan avèk Akad. Guy Gérald MENARD ak
Akad. Emmanuel
BAZILE nan Fakilte Lenguistik Aplike
Akademi Kreyòl Ayisyen ap kontinye selebrasyon
Jounen Entènasyonal Lang Manman an. Lendi 10
fevriye 2020 an, AKA te kase randevou nan Fakilte
Lenguistik Aplike (FLA) sou Bwavèna, Pòtoprens. Se
Akademisyen Guy Gérald MÉNARD ak Akademisyen
Emmanuel Michel BAZILE ki te pote lapawòl pou
AKA nan okazsyon an.
Plis pase 25 etidyan melanje ak pwofesè epi dwayen FLA, Doktè
Renaud GOVAIN te patisipe nan
kozri sila.
Pou kòmanse, Akademisyen BAZILE tabli règ jwèt la : « Nou pa vin
fè yon konferans nan fòm klasik
tèm nan lan. Men pito, nou vin reflechi ansanm nou pou konnen ki
aksyon nou dwe poze pou lang
kreyòl la pran dwa li tout bon vre nan sosyete a…» Akademisyen
an te kontinye pou di « Akademi
an pa ka fè gwosè travay sa pou kò li, se pou sa li vin jwenn
FLA pou yo travay ansanm…» Li te tou
pwofite okazyon an pou envite jèn yo k ap etidye
lang/fonksyònman lang, travay pi plis yon fason
pou lang lan ka grandi.
Apre Akademisyen BAZILE te fin entwodui kozri a, li te pase
Akademisyen MÉNARD mikwo a.
Akademisyen Guy Gérald MÉNARD te pwofite prezans AKA nan FLA pou
rann powèt Georges
CASTERA omaj. Nan yon lekti li te fè, Akademisyen MENARD montre
pwofondè zèv powèt
Georges CASTERA ki pati kite nou nan mwa janvye 2020 an. Ekriven
an kite dèyè yon latriye zèv
wòdpòte ki envite nou kesyone egzistans nou kòm moun sou latè.
Selon temwanyaj Akademisyen
MENARD, «Georges CASTERA pa te louvri bouch li pou fè djòlè; men
se te pou ede peyi li.» Se te
yon vanyan gason ki pa te pote pantalon li pou bèl twèl nan
foubi fraz pou fè pwezi. CASTERA te
goumen san pran souf pou ede chanje kondisyon lavi moun. Se pou
sa, zèv li yo pote yon latriye
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
revandikasyon. CASTERA se powèt ki jwe ak mo yo jan li vle, san
pè ni enkyete sou sa moun pral
di sou li apre. Li fè tout sa yon fason pou li tradui nan langaj
pa li reyalite pèp ayisyen an ap viv. Pou
fini, konferansye a te li yon powèm li ekri pou rann CASTERA
omaj. Yon tèks asistans lan te akeyi
ak anpil plezi.
Nan entènasyon pa li, Akademisyen BAZILE te fè yon gwo
revelasyon sou zafè lang kreyòl nan peyi
Ayiti. Men yon lòsyè nan sa li te revele: «Se mwen, Minis Joseph
C. BERNARD te voye nan
Televizsyon Nasyonal Ayiti pou anonse kreyòl pral lang ansèyman
tou an Ayiti. Se anba gwo eskòt
sekirite mwen te antre nan televisyon an ni lè m ap soti paske
koze konsa nan ane 1979,1980 yo,
moun pa te ka oze pale yo…» Akademisyen an te vle montre
patisipan yo gen anpil goumen ki fèt
pou lang sa rive kote li ye la jodi a. Li envite sosyete a,
teknisyen nan lang, travay pou fè lang lan
pale tout kalite koze. Akademisyen BAZILE poze kesyon pou konnen
poukisa nan lang kreyòl la nou
pa ka reflechi pou konnen kijan nou ka fè yon bonm? Kidonk,
kreyòl se yon gwo zouti, yon fòs, yon
enstriman ki dwe ede nou nan tout kalite sèvis nan sosyete a.
Nou pa dwe itilize lang lan pou manje
sèlman ak pale pawòl van ki pap regle anyen pou sosyete a. Fòk
nou antre lang kreyòl la nan tout
domèn syantifik : nan teknoloji, sante, ekonomi, jewografi,
elatriye… »
Sa ki ta pral mete plis anbyans nan kozri a, se moman
Akademisyen BAZILE te leve tèt li gade nan
sal la, toupre foto ansyen Dwayen, Doktè Pierre VERNET (ki mouri
nan tranblemanntè 12 janvye
2020 anndan FLA), li wè yon afich: « Lang kreyòl, zouti ak
flanbo pèp ayisyen…» Pawòl sa te
pouse Akademisyen an poze anpil kesyon epi envite etidyan yo
pataje sa yo konprann nan afich la.
Kesyon yo te pote Akademisyen an deklare pawòl sa yo: « Pou lang
kreyòl la flanbo pèp la, nou dwe
travay lang lan. Pa dwe gen parese ladan l. Nou dwe travay san
rete pou devlòpman lang lan.» Dwayen
FLA, Doktè Renaud GOVAIN ki te pran lapawòl nan okazyon an te
rapousuiv menm lide a pandan
li te fè konnen, « lang pa bezwen moun defann li. Lang bezwen
moun k ap travay li, pwodui ladan l.
E wòl lenguis yo menm se obsève, dekri epi fè konklizyon pou
gade èske prensip ki tabli pou
fonksyònman lang lan respekte…» Doktè GOVAIN te fè yon
entèvansyon manchlong pou
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
fè patisipan yo konprann kijan deba sa yo enteresan men sa ki pi
enteresan se pwodui nan lang lan k
ap pèmèt li devlope plis. Apre plizyè minit deba, echanj,
patisipan yo te montre yo satisfè.
Pou mete bout nan kozri a, Mesye Jean Émile PAUL te li yon tèks
Georges CASTERA.
I.4.- Seminè lekti ak ekriti kreyòl pou manm Sosyete Sivil,
Pòtoprens avèk Akademisyen
Rogeda D. DORCIL / Akad. Gérard M. TARDIEU nan Direksyon Etid
Pòs Gradye (UEH)
Pou rapousuiv seri konferans ak fòmasyon ki
pou pèmèt tout sektè gen kapasite pou itilize
lang kreyòl la nan travay yo pi byen, jou madi
11 fevriye 2020 an Akademi Kreyòl Ayisyen
òganize yon Jounen fòmasyon sou lekti ak
ekriti kreyòl pou manm enstitisyon ak
òganizasyon nan sosyete sivil la. Fòmasyon
sa a reyalize yon fason pou AKA pote kole
nan ranfòsman kapasite yon seri pwofesyonèl
k ap sèvi popilasyon an chak jou e ki gen difikilte oubyen ki
itilize lang kreyòl la pi byen. Konsa
jounen fòmasyon sa a ap ankouraje pwofesyonel yo ekri kreyòl nan
travay yo ak sèvis y ap bay
popilasyon an chak jou. Yon ventèn patisipan ki soti nan divès
enstitisyon piblik, prive ak
òganizasyon sosyal te patisipe nan jounen fòmasyon sa a.
Patisipans yo te gen chans fè konesans ak
yon seri prensip ki ap pèmèt yo pale epi ekri pi byen. Se
Akademisyen Rogéda Dorcé DORCIL ak
Gérard Marie TARDIEU ki te anime fòmasyon sila a pandan tout yon
jounen an nan lokal Direction
des Etudes Post-graduées (DEP). De (2) entèvenan yo te reponn
kesyon patisipan yo ki te twoke lide
ak yo epi pataje esperyans yo sou plas kreyòl la nan tout
enstitisyon ki la pou sèvi popilasyon an.
Fòmasyon an fini ak temwayaj patisipan yo ki esprime
satisfaksyon yo pou jan atelye a ba yo plis
teknik epi zouti pou konprann, li ak ekri kreyòl pi byen epi
esprime dezakò yo pou jan Leta pa
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
anbrase lang kreyòl la. . Patisipan yo reyaji sou enpòtans lang
manman an genyen nan sosyete a yo
ajoute pou di kijan itilizasyon lang kreyòl la kapab fasilite
pwofesyonèl yo sèvi popilasyon an pi
byen.
I.5.- Konferans Deba nan Lise Alexandre Pétion
Jou mèkredi 12 fevriye 2020 an Lise Alexandre Petion te resevwa
Akademi Kreyòl Ayisyen an pou
yon yon konferans-deba pou elèv ki nan
klas reto, filo. Akademi Kreyòl Ayisyen te
òganize aktivite sa a nan kad selebresyon
Jounen entènasyonal lang manman pou ane
2020 an. Akademisyen Rodny ESTEUS ak
Akademisyen Pierre Michel CHERY te
pase yon bon tan ap twoke lide ak elèv yo
epi fè egzesis ki pèmèt yo reflechi.
Akademisyèn Rodny ESTEUS te touche kesyon idantite a, pandan li
fè konnen lang lan se yonn nan
pi gwo makfabrik yon pèp. Daprè Akademisyen Rodny ESTEUS, lang
nou se senbòl fyète nou devan
lòt nasyon yo.
Akademisyen Pierre Michel CHERY sou bò pa l te anime yon atelye
ak elèv yo sou ekriti kreyòl epi
poze yon seri kesyon nan sal la kote chak elèv ak yon fèy blanch
nan men yo t ap reponn kesyon.
Elèv yo poze anpil kesyon sou Akademi an epi sou lang kreyòl la
tou. Yo mete aksan tou sou jan Leta
peyi a ap jere koze kreyòl la ki pa gen plas li tout bon nan
enstitisyon yo ak nan sistèm edikatif ayisyen
an.
Konferans sa a te fini ak anpil reyaksyon kote elèv yo pa t
ezite pataje sa yo aprann nan moman
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
konferans lan, epi pwomèt pou yo anbrase koze kreyòl la pi plis
toujou pou vansman lang kreyòl la
nan fason y ap ekri epi pale kreyòl la san baboukèt.
I.6.- Konferans Deba pou elèv filo avèk Akad. Pauris JEAN
BAPTISTE nan Lise Toussaint
Louverture
Toujou nan kad selebre jounen lang
manman pou ane 2020 an, Akademi
Kreyòl Ayisyen òganize yon konferans
deba nan lise Tousen. Se nan nan yon
anbyans kèkontan, elèv Lise Toussaint
Louverture, resevwa Akademi Kreyòl
Ayisyen (AKA), jedi 13 fevriye 2020 an.
Akademisyen Jean Pauris JEAN
BAPTISTE te bay yon konferans byen
long kote li fè yon rale sou prezans lang
kreyòl la nan Konstitisyon peyi a ak aplikasyon li nan sosyete
a. Akademisyen an di li konsidere lang
manman an (kreyòl), kòm yonn nan eleman esansyèl pou idantifye
pèp ayisyen an.
Elèv yo ki te swaf sa, te pran tan pou yo pataje esperyans yo
epi aspirasyon yo nan jan kreyòl la dwe
pran chimen nan peyi a ; yo pale tou sou presyon kèk pwofesè
konn fè yo pou egzije yo pale franse
nan plas kreyòl ki se lang yo kòm pèp ayisyen.
Nan okazyon an kèk elèv deklare, yo swete Leta pran tout
dispozisyon pou timoun yo jwenn
edikasyon nan lang manman yo.
I.7.- Bibliyoterapi nan « Collège Méthodiste de Frères »,
Petyonvil
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
A kademi Kreyòl Ayisyen te òganize yon konferans deba ak yon
egzèsis bibliyoterapi nan lekòl «
Collège Méthodiste de Frères » nan Petyonvil nan dat 17 mas
2020. Se te yon aktivite ki te pwograme
pou 20 fevriye men ki pa te rive fèt akoz latwoublay
sosyopolitik nan peyi a.
Akademisyen Jean Pauris JEAN-BAPTISTE te kòmanse jounen an ak
tèm lang matènèl la “Respekte
lang manman timoun yo, se respekte dwa yo ! » pou sansibilize
elèv yo sou plas kreyòl nan vi yo
kòm sitwayen men sitou kijan kreyòl la se yon zouti pou sistèm
edikatif ayisyen an.
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Tout swit apre, Akademisyèn Jocelyne TROUILLOT te gwoupe elèv pa
4 pou li fè yo travay sou 2
liv istwa li ekri pou timoun men ki gen gwo valè sosyal, moral
pou elèv yo. Chak gwoup te gen 15
jiska 30 minit pou yo li tèks yo epi reflechi sou yo ansanm. Li
te distribiye plizyè liv bay elèv yo.
Pandan elèv yo ap li epi reflechi sou tèks yo, Akademisyèn nan
pase nan chak gwoup pou oryante yo
epi ede yo sezi lide ki trete nan liv yo. Elèv yo fè echanj sou
liv yo li a nan gwoup yo.
Akademisyen Jocelyne TROUILLOT an aprè, te envite plizyè elèv
esprime yo pou di ki leson yo
aprann nan liv yo, ki sa yo viv nan lavi yo : emosyon,
santiman... Akademisyen an mande elèv yo
pou yo pa pè pale paske perèz ka koz malè rive yo. Apre li
konseye yo kijan pou yo viv emosyon yo.
Apre seyans travay sa a Akademisyen an ramase liv yo men li
remèt nan direksyon lekòl la yon
egzanplè chak liv yo. Konsa rès elèv ki pa t gen chans patisipe
nan seyans bibliyoterapi a ap kapab
ale li liv yo nan bibliyotèk lekòl la.
Se nan yon anbyans kè kontan, elèv yo te resevwa Akademi an.
Responsab lekòl la pa t ezite remesye
2 akademisyen yo pou travay y ap fè nan peyi pou gen yon sistèm
edikatif ki bay lang manman plas
li merite toutbonvre.
II- Aktivite AKA nan Plato santral
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
II.1- Sware literè nan SMART BAR, Ench
Li te 7è PM. Sware literè SMART Bar la te reyini yon kenzèn
patisipan konsa. Pou louvri sware a,
Kòdonatè rejyonal selebrasyon an, Mesye Smith Desrosiers te
envite madam Luna Gourgue pou li
vin salye asistans lan epi mete aktivite a nan kontèks li.
Pandan dewoulman sware a, plizyè atis
kominote a te kontan deklame pwezi, eslam, jwe mizik
enstrimantal, chante. Akademisyen Guy
Ménard te deklame yon powèm pou salye memwa powèt Georges
Castera ki mouri nan mwa janvye
a. Mesye Anivince Jean Baptiste te fè yon ti rale sou istwa
pwezi lang kreyòl ayisyen an daprè liv
Akademisyen Michel-Ange Hyppolite la « Istwa pwezi kreyòl Ayiti
». Anivince te mete aksan sou
plizyè otè ak tèks ki make istwa literè lang nasyonal ayisyen
an, soti nan lane 1700 yo pou bout nan
ane 2000. Kozri sila a te pwovoke anpil entèraksyon bò kote
piblik la, kote majorite kesyon yo te ale
nan sans ki politik Akademi Kreyòl Ayisyen pou pwomosyon
literati kreyòl ayisyen an. Piblik la te
gen posiblilte asiste yon prestasyon chante Akademisyen Gregory
Calixte. Pou fini, Sekretè Egzektif
la te repran lapawòl pou remèsye asistans lan pou deplasman li
epi kominike li kalandriye aktivite
AKA pou Depatman an nan kad selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang
manman 2020 an.
II.2.- Konferans pou etidyan nan Université Episcopale d’Haiti,
Ench avèk Akad. Dominique
BARTHELMY
Madi 18 fevriye, soti 2è PM pou rive 4è, Akademisyen Dominique
BARTHELMY, ki se avoka, jiy
nan vil Okap, te prezante nan anèks Université Episcopale
d’Haiti nan vil Ench, yon konferans sou
tèm : « Lang kreyòl ak lajistis ». Devan anviwon yon kenzèn
etidyan, Akademisyen an fè yon bèl rale
sou sitiyasyon lang kreyòl la nan sistèm jistis peyi Ayiti kote
majorite popilasyon an pa konprann g-
a ga nan lang pwofesyonèl lajistis yo itilize kit se lè y ap
ekri, kit se lè y ap plede.
Daprè Akademisyen an, yon sitiyasyon esklizyon konsa fè anpil
moun enjistis. Li mete aksan sou
wòl lajenès kapab jwe pou chanje dòn yo lè yo va genyen pou yo
nan pòs desizyon demen. Te genyen
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
anpil reyaksyon bò kote piblik la ki te sitou gen rapò ak travay
Akademi Kreyòl Ayisyen, rapò li avèk
Ministè Edikasyon Nasyonal, sa li fè pou ede sitiyasyon miwomiba
lengwistik ki genyen nan sistèm
jistis peyi a. Yo swete sa chanje kote lang kreyòl la va genyen
plas li merite toutbonvre kòm lang ki
simante tout Ayisyen nan peyi a.
II.3.- Fòmasyon pou jounalis Depatman Sant nan Bibliyotèk
Minisipal nan vil Ench
Nan okasyon selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman an,
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA)
te òganize yon seyans fòmasyon pou jounalis
nan vil Ench anba tèm « kominikasyon
kreyòl nan medya» Fòmasyon sa a te
dewoule 18 fevriye 2020. Konferans-deba,
espozisyon liv ak dokiman kreyòl se kèk
pami aktivite ki te genyen.
Yon kenzèn jounalis ki soti nan divès radyo ak televizyon nan
depatman an te reponn prezan.
Entèvenan yo te mete aksan sou enpòtans bon itilizasyon lang
kreyòl la, sèl lang majorite Ayisyen pi
byen pale ak konprann. Yo pran kèk egzanp ki montre dega sa
kapab koze, lè jounalis yo mal itilize
lang kreyòl la nan travay yo.
Akademisyen Guy Gérald MENARD te montre enpòtans lang kreyòl la
genyen pou medya yo se sa
ki fè AKA pran inisyativ sa a. Akademisyen an te pwofite pale
sou lang kreyòl la ki se yon zouti
jounalis dwe valorize, ki dwe genyen plas li nan sosyete a.
Akademisyen Wilner DORLUS bò kote pa li te prezante tèm nan ki
se «sosyolengwistik»
Akademisyen an te pale sou konpetans nan kominikasyon paske lè
jounalis yo ap prezante yon nouvèl
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
se konpetans yo y ap mete an an valè. Li te pwofite fè yon yon
analiz global sou fason lang lan ap
pale. Pou li, objektif AKA se mobilize pou fè konprann pwoblèm
lang genyen nan sosyete a. Li
montre kijan tou mobilizasyon sa a ap pèmèt nou evolye kòm
pwofesyonèl e sa ap pèmèt yo kapab
fè entèraksyon trè byen nan lang lan. Li di anpil otè di Ayiti
se yon peyi bileng, gen lòt ki di Ayiti pa
yon peyi bileng men se yon peyi « Diglosi » , yo ka konsidere «
Diglosi » tankou lang enferyè pa
rapò ak lang siperyè an Ayiti. Yo di si yon moun bileng fòk li
genyen kapasite pou li pale swa fransè
ou byen kreyòl. Akademisyen an te pale de Yves DEJAN ki te ekri
liv « Yon lekòl tèt anba nan peyi
tèt anba » DEJAN di konsa : ni bileng ni diglosi pa ka aplike an
Ayiti paske fòk pata gen prejije nan
lang lan, ki donk Ayisyen pa gen chwa nan lang y ap pale.
Akademisyen an di kreyòl ak fransè se De
(2) lang ofisyèl peyi a genyen. Yo mete Kreyòl la devan paske se
sèl lang ki simante tout Ayisyen
ansanm.
Atik 213 nan konstitisyon an di lang kreyòl la ofisyèl sou papye
men nan reyalite a, bagay yo diferan.
Wòl AKA se fè travay sa a ki sou papye a vini yon realite. AKA
pap kapab fè lang lan pwopaje san
otorizasyon Minis Edikasyon Nasyonal la. AKA dwe fè patenarya ak
Minis Edikasyon Nasyonal la
pou lang kreyòl la kapab vilgarize pi vit paske nan tout
enstitisyon yo se fransè yo plis pale ki donk
pou travay sa kapab gen plis valè, AKA dwe fè patenarya ak
plizye enstans toukou : Edikasyon
Nasyonal, Lapolis, Premati Pou nou site sa yo sèlman.
Wòl AKA se planifye chanjman global nan peyi a ni sou kesyon
lajistis, politik, administrasyon ki
donk fòk genyen yon amenajman lengwistik pou chak enstans sa yo,
ak yon chita pale pou nou kapab
wè bezwen yo. Akademisyen an te pale sou kòman AKA sitiye li nan
kontèks sosyal lang kreyòl la
ap fè fas nan diferan medya yo. Akademisyen DORLUS kontinye pale
pou li di AKA p ap fè
pledwaye pou lang kreyòl la, men, se pran dispozisyon legal ak
tout dispozitif pou lang kreyòl la. Li
di tou, entèvansyon pou yon enstitisyon genyen pou li mennen yon
lang, chita sou De
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
(2) nivo : 1-nivo estati : prezans lang nan diferan aktivite nan
peyi a. 2-nivo kòpis : òtograf, diksyonè,
gramè. Li di AKA gen yon plan pou ede tout enstans develope
konpetans yo nan lang lan. Li la pou
pwopoze lwa ou amelyore lwa paske lwa se premye zouti
kominikasyon li ye epi lachanm ap vote li.
AKA pa yon enstitisyon politik, wòl li se ankouraje pwodiksyon
an kreyòl . Li pa chita sou anyen
materyèl.
Dezyèm entèvansyon pou jounen madi 18 fevriye 2020 an
Entèvenan : Jacky MARC
Sijè :Teknik ak estrateji pou enfòme an kreyòl.
Mesye MARC te salye tout jounalis yo ki te la a nan jou a epi li
te kòmanse entèvansyon li an konsa :
Redit kreyòl ak fransè. Li pati sou yon seri kesyon ki marande
lang ak medya.
1-Poukisa majorite medya yo pale kreyòl ? Eske se paske yo manke
konpetans, lakin an franse oubyen
yo vle tout moun konprann sa y ap di a ?
2- Kòman ou konprann AKA nan travay l ap fè a poutan nou pa gen
anpil atik ki ekri an kreyòl nan
jounal Nouvelis ?
3- Nan laprès ekri ki pwoblèm ki genyen pou yon jounalis byen
prezante yon nouvèl an kreyòl ?
Mesye MARC te vle fè we kantite konfli ki genyen andedan medya
yo nan bay nouvèl an kreyòl
pandan se lang kreyòl la ki simante tout Ayisyen. Li di anpil
moun pale fransè, se endikatè yon ran
sosyal, li di tou pale fransè a li reponn ak yon bezwen. Li pale
de Absans sektè pwodiksyon kreyòl
nan anpil medya..
Li di yon nouvèl gen sans li, se lè li an rapò ak lang ki pwodui
li a. Anpil fwa nou toujou mete nan
tèt nou kreyòl la se lang eksplikasyon li ye.
Twazyèm entèvansyon pou jounen madi 18 fevriye 2020 an
Sijè : Entèferans nan lang kreyòl la
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Akademisyen Pierre Michel CHERY te salye tout jounalis ki te la
nan moman an epi li te kòmanse
pou li di genyen yon advèsè ki frape patrimwan nou se kontak li
avèk lang etranjè a. Mesye CHERY
di moun ki ap pale nan radyo yo se yo menm ki enflyanse destin
lang lan. Li mande pou tout medya
yo ki te la a nan jou a pou yo toujou ekri tout sa yo pral di
yon fason pou yo pa enprovize nan mikwo
yo, konsa sa ap ede yo pou yo di bon pawòl konsènan lang lan
paske medya yo se yon pyonye nan fè
pwomosyon pou lang lan kapab pwopaje pi fasil. Li pwofite ap
site anpil pawòl dwòl medya yo
konn di lè y ap bay nouvèl. egzanp :« Nou pral sede mesye Jòj
lapawòl » li di pawòl sa a pa sanble
kreyòl, li mamde pou tou medya fè jefò pou yo korije pwoblèm sa
a. Akademisyen an te vle fè
konprann kòman medya ap pale kreyòl poutan menm pawòl y ap di an
kreyòl la sanble tipikman ak
fransè . Akademisyen an te pran plizyè lòt egzanp konsa pou
montre kijan jounalis yo ka lakoz
entèferans nan lang kreyòl la.
II.4.-Konferans deba nan lekòl Petit Séminaire Saint Martin de
Porres (PSCSMP) nan Ench
«Wòl ak enpòtans lang kreyòl nan lajistis »
Akademi kreyòl Ayisyen an te òganize nan dat 19
mas 2020, yon konferans deba nan vil Ench nan lekòl
Petit Séminaire Saint Martin de Porres
(PSCSMP).
De (2) reprezantan komite rejyonal la ki se de (2)
ansyen elèv lekòl la, te prezante ekip Akademi an bay
elèv yo apre pase lapawòl bay konferansye a,
Akademisyen Dominique BARTHELEMY.
Kòm se nan klas filo deba a t ap fèt, Akademisyen an te chwazi
fè deba sou wòl ak enpòtans lang
kreyòl nan lajitis olye wòl ak enpòtans lang kreyòl nan lekòl.
Akademisyen an te tante jwenn kèk
definisyon nan bouch elèv yo sou kisa lajistis ak lang manman
vle di pou yo.
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Pou Akademisyen an, pèp ayisyen an ap sibi yon vyolasyon
lengwistik grav paske Leta chwazi pou
rann lajistis nan yon lang ki pa lang matènèl pèp ayisyen an
kote se apèn 5 ak 10% nan jistisyab yo
sèlman ki rive konprann sa k ap fèt lè jijman ak lòt pratik ap
fèt nan domèn lajistis. Pi lwen, li di li
regrèt paske tout dokiman: liv dwa, kòd lwa peyi a ap itilize
nan domèn lajistis se nan lang frase yo
ekri alòske pi fò popilasyon an se kreyòl yo pale.
Jeneralman, lè y ap jije yon moun, jij la oubyen majistra poze
prezime koupab la kesyon yo an kreyòl
e akize a li menm tou, reponn an kreyòl, men grefye k ap pran
nòt la li menm gen pou devwa tradwi
epi ekri kesyon ak repons yo an franse. Konsa, sa konn rive
grefye a pa te tradwi egzakteman sa ki te
di yo nan lang franse a sa ki konn lakòz enstriksyon an rapòte
sa moun nan pa di.
Tout Ayisyen dwe pale kreyòl san baboukèt paske menm lè
Konstitisyon an di peyi a gen de (2) lang
ofisyèl: Franse ak Kreyòl. Men, kreyòl la se sèl lang ki simante
tout Ayisyen toutbonvre. “Chanjman
peyi” nou tout ap tann lan se atravè edikasyon pou l fèt, e, pou
yon bon edikasyon fèt, se avèk lang
matènèl pou li fèt.
Si nou pa vle kontinye viktim nan move entèpretasyon ak
tradiksyon lè deba yo ap fèt nan jijman, se
nou ki dwe goumen pou jijman yo fèt nan lang manman nou ki se
lang kreyòl la, lang tout Ayisyen
ki fèt e k ap viv an Ayiti konprann menm si pa t ale lekòl.
II.5.- Fòmasyon pou pwofesè lang kreyòl nan Bibliyotèk Minisipal
nan vil Ench
Toujou nan kad aktvite pou selebre Jounen entènasyonal lang
manman an, Akademi Kreyòl Ayisyen
(AKA) te òganize yon seyans fòmasyon pou pwofesè nan vil
Ench.
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Tèm nan se te « Respekte lang manman timoun yo, se
respekte dwa yo !» Fòmasyon sa a te dewoule nan Bibliyotèk
Minisipal nan vil Ench, 19 fevriye 2020.
Nan okazyon an, AKA te òganize yon, espozisyon liv ak
dokiman kreyòl.
Pami pwen yo, fòmatè yo te chita sou konpetans langaj ak
pedagojik yon pwofesè kreyòl dwe genyen
epi konpetans lengwistik ak sosyolengwistik ki se kèk eleman
enpòtan pou yon anseyan.
Premye entèvansyon pou jounen mèkredi 19 fevriye 2020
Sijè: Sistèm òtograf kreyòl la
Akademisyen Grégory CALIXTE te kòmanse entèvansyon l lan sou
kantite lang ki genyen sou latè
epi ak konbyen lèt ki genyen nan òtograf kreyòl la. Li fè konnen
alfabè se siy pou reprezante « SON
» epi li te di pa gen konsòn san vwayèl, pa gen lèt ki bèbè nan
lang kreyòl la ki donk, chak lèt rete
nan wòl yo. Li te pale sou diferan lèt tankou: lèt monograf,
digraf ak trigraf.
Dezyèm entèvansyon pou jounen mèkredi 19 fevriye 2020
Entèvenan : Wilner DORLUS
Sijè: Prensip fondamantal lang manman.
Akademisyen DORLUS te kòmanse prezantasyon li a ak yon kesyon:
Lè yo pale de lang manman,
kisa sa vle di? Se yon konnsansis otorite Leta nan diferan peyi
pou yo selebre lang manman. Li di
pawòl lang matènèl se lang òdinè moun pale, se yon vokab ki sòti
nan langaj òdinè. Poukisa syantifik
yo pale sou lang manman? Sa vle di se lang, ki plase nan premye
ran nesans yon moun, nou ta ka di
tou, se lang ki parèt nan premye moman yon timoun. Li fè konnen,
lang se yon fenomèn kiltirèl nou
jwenn nan espas sosyal la, tandiske, langaj se yon kapasite ou
genyen depi jou ou fèt la.
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Li te abòde aspè didaktik la ki vle di ansèyman aprantisaj lang,
se chemen pou fè moun aprann, se
metòd pou fè ansèyman pi fasil. Li te pale sou sitiyasyon
atifisyèl lang lan ki se tout eleman ou itilize
pou fè yon moun pale yon lang.
Te gen anpil echanj nan moman twoke lide nan atelye yo kote
patisipan yo te aplodi inisyativ la epi
pwopoze pou tout enstans pibliye tout dokiman administratif nan
lang pèp ayisyen an. Patisipan yo
te pataje esperyans yo ak fòmatè yo epi ankouraje Akademi Kreyòl
Ayisyen kontinye travay pou
kreyòl la jwenn plas li nan tout sistèm edikatif ayisyen an, yon
fason pou plis elèv kapab reyisi.
II.6.- Konferans nan Université Publique du Centre / Akad.
Pierre Michel CHÉRY, Akad.
Guy Gérald MENARD
Mèkredi 19 fevriye 2020, 10è nan maten, AKA te òganize yon
konferans nan (Université du Centre
de Mirbalais). Plis pase 40 etidyan ak yon ventèn elèv ki soti
nan Collège CABM te patisipe nan
konferans sila.
Akademisyen Pierre Michel CHERY ak Akademisyen Guy Gérald MENARD
se te de (2)
entèvenan nan kad konferans sila a. Akademisyen Pierre Michel
CHERY te vini pran pawòl pou
montre kijan tout pratik, tout aktivite nou gen Matematik ladann
yo: timachann k ap vann nan mache,
fè Matematik san li pa rann li kont de sa. Matematik se yon
reyalite nou mete sou yon fèy papye. Li
enpòtan pou ensèyman matematik fèt an Kreyòl. Pou sa, pwofesè
Matematik yo metrize lang kreyòl
la. Akademisyen kontinye pou fè konnen, Matematik se yon syans
tout moun ta dwe metrize. Pèsonn
pa dwe neglije matematik paske nou jwenn li nan tout ti detay.
Li fè yon rale sou konsèp matematik
li ap mete nan lang kreyòl pou yon pi bon aprantisaj
matematik.
Akademisyen Guy Gérald MENARD, bò kote pa li, te pran lapawòl
pou l te pale ak etidyan yo de
enpòtans lang Kreyòl. Pou Akademisyen an, kreyòl se yon lang
ofisyèl popilasyon an gen dwa pou
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
li pale san diskrininasyon, san prejije nan peyi a. Li te pale
tou de misyon AKA nan sosyete a ak
travay Akademi Kreyòl Ayisyen ap fè nan tout peyi a. Akademisyen
MÉNARD te pwofite salye
travay powèt Félix Morisseau LEROY ak Georges CASTERA, de (2)
potorik ekriven, ki te
goumen pou bay lang kreyòl valè pandan yo devlope yon pwezi
tipikman kreyòl nan literati peyi a.
Etidyan yo te poze kesyon. Konsa, te gen bon jan echanj ant
Akademisyen ak patisipan yo.
Konklizyon
Selebrasyon Jounen entènasyonal lang manman an pa t rive nan
bout li jan AKA te planifye sa. Apre
nouvèl konsènan revandikasyon polisye nan Pòtoprens, delegasyon
an ki te gen nan tèt li Vis Prezidan
KAd la, Guy Gérald MENARD ak Sekretè Egzekitif la, te deside
apre konsètasyon yo ak pifò
Akademisyen ki te prezan nan vil Ench, abandone rès akativite yo
epi retounen Pòtoprens nan dat
jedi 20 fevriye 2020 bonè nan maten. Kidonk delegasyon an te
blije anile 3 konferans ki te pwograme
nan Ench ak nan Mayisad (20 fev), vizit touristk AKA nan Basen
Zim (21 fev nan maten) ansanm
ak Seremoni ofisyèl selebrasyon Lang manman sou Plas Charlemagne
Peralte nan 21 fev nan
apremidi.
Se te yon desizyon difisil, men pou sekirite vi manm delegasyon
ak byen enstitisyon an, se te desizyon
ki pi saj nan moman an. Responsab yo gen satisfaksyon pifò
aktivite yo te gentan dewoule san
pwoblèm. Kòm pwomès se dèt, AKA pwomèt, lè sa bon, pou al
rankontre notab yo nan komin
Mayisad ak Sèkalasous epi òganize yon rankont foto avèk Manm
Komite rejyonal Depatman Sant
lan.
Selebrasyon Jounen Entènasyonal Lang manman 2020, te byen pase
nan Pòtoprens kote tout
randevou yo te rive respekte. AKA te reyalize plizyè deplasman
nan lekòl ak nan Inivèsite. Nan Plato
Santral se de (2) dènye jou aktivite yo AKA te blije anile, alos
3 premye jou yo te byen pase.
-
6, Ri Magerit, Tijo (des Marguerites, Turgeau), Pòtoprens, Ayiti
Telefòn:(509) 2817-5964 / 3333-0815 / 3333-0816 / 20 ; Imel:
[email protected]
Repiblik Ayiti
AKADEMI KREYÒL AYISYEN
(AKA)
Sekretarya Egzekitif Akademi an pwofite remèsye tout patisipan
yo tout Anplwaye yo ki te akonpaye
Akademisyen yo nan mete anplas estrikti lojistik epi ajanda
planifikasyon aktivite yo. Sekretarya
Egzekitif la remèsye tout Akademisyen ki te kreye tan pou
prepare konferans, fòmasyon pou jounalis,
fòmasyon pou pwofesè kreyòl ak emisyon nan radyo. Yon remèsiman
espesyal pou tout entèvenan
yo : Akademisyen PA Pierre, GG Ménard, E Bazile, GM Tardieu, PM
Chery, RD Dorcil, P Jean-
Baptiste, W Dorlus, MR Laurent Estéus, D. Barthelmy, G Calixte,
J Trouillot.