KONEKSYON YON BILTEN ENFÒMASYON POU PARAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY SA KI LADAN: - Bòn Sante Egal Bon Prezans! -Asistans pou Siklòn - Pwojè ‘1Million’ Bilten 12 | NIMEWO 55 | Septanm 2019 “Values Matter Miami” (Valè yo Enpòtan nan Miami) se pwogram edikasyon inovatif sou valè yo nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Inisyativ sa a konsantre sou nèf valè debaz yo, ki se sitwayènte, kowoperasyon, jistis, onètete, entegrite, jantiyès, rechèch ekselans, respè, ak responsablite. Miami Dolphins ap fè patenarya avèk M-DCPS pou Kanpay ‘Values Matter Miami’ pou 2019-2020. Patenarya sa a ap ede Distri nou an elaji aksesiblite inisyativ sa a ki gen anpil siksè e l ap resevwa plis eksitasyon nan pwomosyon ak selebrasyon nèf valè debaz yo. Kòm yon pati nan kanpay sa a, lekòl yo nonmen elèv ak kèk anplwaye ki bay bon egzanp nan valè yo deziyen chak mwa. Anplis posiblite pou seleksyone yo pou rekonesans nan Seremoni anyèl Prim ‘Values Matter Miami’ nou an, Miami Dolphins ap seleksyone elèv yo nonmen ane sa a tou pou rekonesans. Kòm yon moun ki resevwa rekonesans pou prim mansyèl ‘Values Matter Miami’ Miami Dolphins la, elèv yo ap resevwa yon selebrasyon Miami Dolphins, ki gen ladan pèsonèl Miami Dolphins ki pral vizite lekòl elèv la e ki pral fè yon selebrasyon Valè Debaz ‘Values Matter Miami’ pou onore elèv sa a. Elèv la ap resevwa tikè pou ale nan match Miami Dolphins ap fè lakay li e y ap rekonèt li nan okazyon sa a. Miami Dolphins ap sipòte ‘Values Matter Miami’ tou atravè inisyativ “My Cause, My Cleats” (Koz Mwen, Kranpon Mwen). Nou ankouraje elèv pou yo patisipe nan Konpetisyon Desen Kranpon ‘Values Matter Miami’ an. Elèv ki ranpòte konpetisyon an ap gen privilèj pou yon jwè Miami Dolphins mete kranpon li desine a nan match li ap fè lakay li 1ye desanm. Anplis, Miami Dolphins fè patenarya avèk Distri nou an pou kreye anons sèvis piblik konsènan kanpay la ansanm ak chak nan nèf valè debaz yo. Ou ka gen aksè ak premye “PSA” (Anons Sèvis Piblik) la atravè lyen sa a. MIAMI DOLPHINS SIPÒTE ‘VALUES MATTER MIAMI’ 1 KONEKSYON
This document is posted to help you gain knowledge. Please leave a comment to let me know what you think about it! Share it to your friends and learn new things together.
Transcript
1 IT’S MY OWN RESUME/ Page Tittle Here
KONEKSYONYON BILTEN ENFÒMASYON POU PARAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY