Top Banner
REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete klas en kay youn de twa fanmi
16

REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

Jul 24, 2020

Download

Documents

dariahiddleston
Welcome message from author
This document is posted to help you gain knowledge. Please leave a comment to let me know what you think about it! Share it to your friends and learn new things together.
Transcript
Page 1: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

REZIDAN VIL NEW YORKtaks sou pwopriyete

klas

en

kay youn

de twa fanmi

Page 2: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

KI KOTE dola taks ou peye yo ale?

Nan Vil New York, taks sou pwopriyete

reprezante 45% nan tout dola taks vil la yo

kolekte nan ane fiskal 2017, ki te fini nan dat

30 jen 2017. Tablo sa a montre kijan nou te depanse

tout lajan taks vil la.

21 %

29 % 19 %

31 %Ajan

s In

ifòm

(Lap

olis, Ponpye, Sanitasyon, Prizon)

Edikasyon

Sante ak Byennèt

Lòt

Aja

ns (t

ranspò, lojman, pak, elatri ye)

2

Page 3: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

ki jan nou kalkile bòdwo taks sou pwopriyete ou

egzanp:

1234

etapetap

etapetap

DETÈMINE VALÈ MACHE Nou estime valè kay ou lè ou ak analiz estatistik ki enkòpore done tankou pri lavant resan kay ki sanble ak pa ou a nan katye ou a.

DETÈMINE VALÈ ESTIMEValè estime pwopriyete a se yon pousantaj valè li sou mache a epi yo itilize li, ak ajisteman yo ki dekri anba la a, pou detèmine bòdwo taks anyèl sou pwopriyete a. Dapre lalwa, valè estime yon pwopriyete klas 1 pa ka ogmante pa plis pase 6 % chak ane oswa 20 % sou senk (5) ane, sòf si valè a ogmante akòz nouvo konstriksyon oswa renovasyon. Anplis, valè estime ou pa ka depase 6% valè mache kay ou.

APLIKE POU EGZANPSYON NAN DOSYE Vil New York ofri soulajman fiskal yo rekonèt kòm egzanpsyon pou moun aje, veteran, manm legliz, moun ki gen andikap, ak lòt pwopriyetè kay. Si ou kalifye pou nenpòt nan egzanpsyon sa yo, nou retire montan sa yo sou valè estime pwopriyete ou a pou detèmine valè taksab ou. (Ale sou www.nyc.gov/ownerexemption pou konnen ki soulajman fiskal ou ka kalifye pou jwenn.)

BÒDWO TAKS SOU PWOPRIYETEPou kalkile montan ou dwe nan taks sou pwopriyete, nou aplike to taks = vil la pou pwopriyete klas 1, yon pousantaj konsèy minisipal la etabli chak ane pa, an pati, sou kondisyon lwa eta a, sou valè taksab ou. Si pwopriyete ou a resevwa yon kalite soulajman fiskal yo rekonèt kòm yon rabè, nou retire li nan bòdwo ou a pou diminye montan total ou dwe a.

Kay pou yon sèl fanmi. Pwopriyetè a ap resevwa ekzanpsyon taks la pou lekòl STAR, rabè pou Twati Solè

Valè Mache $ 714,000

Evalyasyon pousantaj (nan ka sa a, 6 % valè mache a) x .06

Valè Estime $ 42,840

mwens egzanpsyon STAR - $ 2,000

Valè Taksab $ 40,840

To taks (konsèy minisipal la etabli chak ane - kounye li 20.385 %) x .20385

Taks sou pwopriyete anvan rabè $ 8,325

mwens Rabè Twati Solè - $ 396

TOTAL TAKS SOU PWOPRIYETE OU DWE $ 7,929

3

Page 4: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

Valè Mache – Konnen Valè Pwopriyete ouPou detèmine yon valè mache pou klas taks 1 pwopriyete ou a, Depatman Finans (Department of Finance) sèvi ak analiz estatistik ki enkòpore done tankou pri lavant resan kay ki sanble ak pa ou a nan katye ou a. Pwopriyete ki gen prèske men gwosè, estil, ak laj ak pa ou a.

KLAS TAKS SOU PWOPRIYETE

Pwopriyete nan Vil New York City yo divize an kat (4) klas, kote yo evalye ak estime yo diferan fason selon lwa a. Klas taks 1 gen ladan pwopriyete rezidansyè yon a twa inite yo. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan yo detèmine valè mache pou pwopriyete klas 2, 3, ak 4, ale sou www.nyc.gov/propertytaxes.

Pwopriyete rezidansyèl youn (1) a twa (3) inite

Pwopriyete rezidansyèl ki gen plis pase 3 inite tankou koperativ ak kondominyòm

Pwopriyete ekipman konpayi sèvis piblik ak pwopriyete franchiz espesyal

Tout lòt byen imobilye, tankou bilding biwo, faktori, magazen, otèl ak lòf

1

etap

KLA

SK

LAS

KLA

S

KLA

S

4

Page 5: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

Valè Estime – Estime Valè Pwopriyete ouValè estime lakay ou se yon pousantaj valè mache yo. Lwa Eta a limite konbyen valè estime yon pwopriyete klas 1 nan New York City ka ogmante. Valè estime ou a pa ka monte plis pase 6 % nan yon ane oswa 20 % sou senk (5) ane, kèlkeswa vitès valè mache pwopriyete ou a ogmante, amwenske ou fè yon chanjman fizik nan pwopriyete a, tankou yon adisyon oswa renovasyon. Poutèt limit sa yo, yo estime pifò pwopriyete klas 1 pou yo mwens pase 6 %.

Akòz limit sa yo, ou ka twouve valè estime ou ap kontinye ogmante menm pandan valè mache ou ap diminye. Sa a se paske li ka pran plizyè ane pou valè estime a “ratrape” ak valè sou mache a. Tablo ki anba a montre yon egzanp yon pwopriyete ki gen valè estime ki ogmante menm pandan valè sou mache a diminye.

Poukisa valè estime pwopriyete ou te chanje?Valè estime ou ka chanje pou plizyè rezon:

Valè sou mache pwopriyete ou chanje.

Ou te fè yon chanjman fizik nan kay la, tankou yon adisyon oswa renovasyon, epi chanjman fizik sa yo gen limit chak ane oswa senk (5) ane ogmante valè estime ou pou ane sa a.

Ou pèdi yon egzanpsyon taks oswa rabè, oswa valè li te redwi.

Valè estime ou an ratrape ak chanjman anvan yo nan valè sou mache a, jan nou montre nan tablo anba a.

EGZANP YON KAY 1 A 3 FANMI

ANE 1 ANE 2 ANE 3

Valè Mache 100,000 150,000 140,000

Valè Estime si ogmantasyon yo pa te gen limit

6,000 9,000 8,400

Valè Estime si gen Limit sou Ogmantasyon yo

6,000 6,360 6,741

2

etap

5

Page 6: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

Egzanpsyon – Redwi Taks sou Pwopriyete ouVil New York ofri soulajman fiskal yo rekonèt kòm egzanpsyon pou moun aje, veteran, manm legliz, moun ki gen andikap, ak lòt pwopriyetè kay. Si yo ba ou yon egzanpsyon, y ap retire li sou valè estime kay ou a, epi sa ap redwi valè taksab ou a. (Yon egzanpsyon diferan ak yon rabè, yon kalite soulajman fiskal ki diminye taks ou dwe apre yo kalkile taks la.) Bòdwo taks sou pwopriyete pou mwa jen ou montre ekzanpsyon ou pral resevwa pou ane fiskal la kòmanse 1ye jiyè.

Jwenn Egzanpsyon ki Bon pou ou a

3

etap

STAR(Soulajman Fiskal pou Lekòl)

STAR Debaz*STAR Amelyore*

Egzanpsyon pou Pwopriyetè Kay

ki Aje (SCHE)

Egzanpsyon Pwopriyetè Andikape

(DHE)

KA

LIFIKA

SY

ON

Disponib pou pwopriyetè, koperatif, ak kondominyòm ki gen mwens pase $ 500,000 revni brit anyèl ajiste.

Disponib pou pwopriyetè ki gen 65 kan oswa plis ak yon revni anyèl ki mwens pase $ 86,000.

Disponib pou pwopriyetè ki gen 65 kan oswa plis ak yon revni anyèl ki $ 58,399 oswa mwens.

Disponib pou pwopriyetè andikape ak yon revni anyèl ki $ 58,399 oswa mwens.

AV

AN

TAJ

Ekonomi nan taks: apeprè $ 300 / ane.

Ekonomi nan taks: apeprè $ 600 / ane.

Diminye valè estime jiska 50 %.

Diminye valè estime jiska 50 %.

PO

U A

PLIK

E

Ale sou www.tax.ny.gov oswa relel (518) 457-2036.

Ale sou www.tax.ny.gov oswa rele (518) 457-2036.

Ranpli yon aplikasyon, ki disponib nan www.nyc.gov/sche.

Ranpli aplikasyon an, ki disponib nan www.nyc.gov/dhe.

DA

T LIMIT

15 Mas 15 Mas 15 Mas** 15 Mas**

* An 2016, lwa eta te chaje STAR, ki te yon egzanpsyon taks sou pwopriyete, pou li vin yon kredi nan taks sou revni. Moun k ap resevwa egzanpsyon taks STAR kounye a ka kontinye resevwa li. Nouvo aplikan yo dwe aplike nan eta a pou kredi a. Si ou kalifye, ou pral resevwa kredi a sou fòm yon chèk. Valè kredi a an dola pral jeneralman menm ak egzanpsyon taks sou pwopriyete a.

** Ane fiskal 2017-18 dat limit pou SCHE ak DHE se 16 janvye 2018.

Tout kalifikasyon ak detay sou avantaj yo disponib nan www.nyc.gov/finance.6

Page 7: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

Ki diferans ki genyen ant de (2) rediksyon yo?

Tanpri ale sou nyc.gov/financepou dènye enfòmasyon sou egzanpsyon.

Egzanpsyon:Yon egzanpsyon redwi valè estime ou a avan yo kalkile taks ou yo

Rabè:Yon rabè redwi taks ou apre yo te deja kalkile yo

Egzanpsyon pou Veteran Egzanpsyon pou Viktim Krim Andikape ak Bon Samariten

Egzanpsyon Klèje

Disponib pou sèten veteran, mari oswa madanm / vèv (vèf) veteran, ak paran Gold Star yo.

Viktim krim ak moun ki blese k ap eseye anpeche krim oswa ede yon viktim. Sivil sèlman. Pwopriyetè a dwe modifye kay la pou akomode andikap.

Sèten manm nan legliz oswa madanm / mari yon viktim ki pa re re-marye.

KA

LIFIKA

SY

ON

Nivo avantaj la varye. Konpansasyon pou pri renovasyon pou akomode andikap.

Redwi valè estime kay pa $ 1,500. Ekonomi nan taks: apeprè $ 256 / ane

AV

AN

TAJ

Ranpli aplikasyon an, ki disponib nan www.nyc.gov/ownerexemption

Ranpli aplikasyon an, ki disponib nan www.nyc.gov/ownerexemption

Ranpli aplikasyon an, ki disponib nan www.nyc.gov/ownerexemption

PO

U A

PLIK

E

15 Mas 15 Mas 15 Mas

DA

T LIMIT

7

Page 8: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

4

etap Bòdwo Taks sou Pwopriyete Anyèl – Klas 1Men kisa bòdwo taks sou pwopriyete anyèl klas 1 ou pral sanble:

Market Value/Valè MachePou detèmine yon valè mache pou klas taks 1 pwopriyete ou a, Depatman Finans (Department of Finance) sèvi ak analiz estatistik ki enkòpore done tankou pri lavant resan kay ki sanble ak pa ou a nan katye ou a. Pwopriyete ki gen prèske men gwosè, estil, ak laj ak pa ou a.

Assessed Value/Valè EstimeValè estime yon pwopriyete lakay ou se yon pousantaj valè mache li. Dapre lalwa, valè estime yon pwopriyete klas 1 pa ka ogmante pa plis pase 6% chak ane oswa 20 % sou senk (5) ane, sòf si valè a ogmante akòz nouvo konstriksyon oswa renovasyon. Anplis, valè estime ou pa ka depase 6 % valè mache kay ou.

Exemption Value/Valè EkzanpsyonRediksyon nan valè estime ou a poutèt enpòte ki egzanpsyon ou resevwa.

Taxes Before Abatements/Taks Anvan RabèValè taksab kay yo mete nenpòt rabè.

Tax Rate/To TaksTo taks Vil New York pou klas pwopriyete w la. Se konsèy minisipal la ki etabli pousantaj sa a chak ane (selon, an pati, egzijans lwa eta ) epi li kapab chanje. To taks pou pwopriyete klas 1 yo se 20.385 % nan ane taks 2017-18.

Annual Property Tax/Taks sou Pwopriyete AnyèlSi ou gen nenpòt rabè, yo aplike ak retire yo nan montan taks ou pou detèmine bòdwo taks sou pwopriyete final ou.

Ou ka gade bòdwo taks sou pwopriyete a nan www.nyc.gov/finance.8

Page 9: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

1

etap

2

etap

3

etap

4

etap

Revizyon Kijan nou Kalkile Taks sou Pwopriyete ou

TAKS SOU PWOPRIYETE ANYÈL= {(VALÈ ESTIME MWENS EGZANPSYON) (X) TO TAKS} MWENS RABÈ

VALÈ MACHE:$ 647,000

VALÈ ESTIME: Valè Mache X nivo estimasyon (6 %) oswa limit valè estime (nan ka sa a, $ 35,107)

EGZANPSYON: Valè estime - Egzanpsyon = Valè Taksab$ 35,107 - $ 1,470 = $ 33,637

TAKS SOU PWOPRIYETE ANYÈL: Valè Taksab X To Taks* – Rabè$ 33,637 X 20.3850 % = $ 6,858

* To taks pou ane 2017/18; to pou klas taks endividyèl ka varye chak ane.

Fason pou peye bòdwo taks sou pwopriyete ouY ap voye bòdwo taks sou pwopriyete pa lapòs chak trimès pou kay ki gen yon valè estime ki $ 250,000 oswa mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye janvye ak 1ye avril; jeneralman y ap voye bòdwo ou yon mwa avan dat limit li. Yo voye bòdwo de (2) fwa pa ane yon mwa anvan at limit yo ki se swa 1ye janvye oswa 1ye jiyè.

Yon fwa ou resevwa bòdwo ou, revize li ak anpil atansyon pou asire ou konprann konbyen lajan ou dwe ak ki kote montan sa a soti nan tou. Gade liv sa a kòm yon gid, epi aprann plis nan www.nyc.gov/finance, kote ou ka wè bòdwo taks sou pwopriyete ou a tou nenpòt ki lè.

MEN KIJAN POU OU PEYE Swiv enstriksyon yo sou bòdwo ou oswa ale sou www.nyc.gov/payonline pou w aprann sou opsyon peman-elektwonik, lapòs, oswa fas-a-fas-ki disponib pou ou.

KONPAYI SÈVIS BANK OSWA IPOTÈKSi ou peye taks sou pwopriyete ou nan yon konpayi sèvis oubyen ipotèk, ou p ap resevwa yon bòdwo taks sou pwopriyete nan men Depatman Finans sof si ou responsab pou lòt chaj, tankou twotwa ak reparasyon ijan.

9

Page 10: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

11

avi konsènan valè pwopriyete YON AVI CHAK ANE AK DETAY SOU PWOPRIYETE OU

Youn nan dokiman ki pi enpòtan ou pral resevwa nan men Depatman Finans la se Avi Konsènan Valè Pwopriyete, oswa NOPV. Y ap voye li ba ou pa lapòs chak janvye, epi NOPV a ap di ou detèminasyon nou sou valè mache ak valè estime pwopriyete ou a. (Gade paj 3 pou yon eksplikasyon sou kijan chif sa yo ede nou detèmine taks sou pwopriyete w la.)

Anplis valè mache ak valè estime ou, NOPV a pral gen on lis egzanpsyon ou gen kounye a, men li gendwa pa gen ekzanpsyon ou pral resevwa nan pwochen ane fiskal la.

NOPV pa yon bòdwo epi li pa egzije yon peman. Ou pral vle kenbe avi a nan dosye ou epi al gade li kòm referans pandan tout ane a.

Isit la se yon egzanp yon NOPV pou yon pwopriyete klas 1 :

Market Value/Valè MachePou detèmine yon valè mache pou klas taks 1 pwopriyete ou a, Depatman Finans (Department of Finance) sèvi ak analiz estatistik ki enkòpore done tankou pri lavant resan kay ki sanble ak pa ou a nan katye ou a.

Effective Market Value/Effective Market ValueValè mache efikas pwopriyete ou an se valè estime li, anvan ekzanpsyon, divize pa 6 %. Pou Komisyon Taks la diminye evalyasyon ou an, ou dwe pwouve valè pwopriyete ou a mwens pase valè mache efikas li a.

Assessed Value/Valè EstimeValè estime yon pwopriyete lakay ou se yon pousantaj valè mache li. Dapre lalwa, valè estime yon pwopriyete klas 1 pa ka ogmante pa plis pase 6 % chak ane oswa 20 % sou senk (5) ane, sòf si valè a ogmante akòz nouvo konstriksyon oswa renovasyon. Anplis, valè estime ou pa ka depase 6% valè mache kay ou.

10

Page 11: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

11

Exemption Value/Valè EkzanpsyonRediksyon nan valè estime ou a poutèt egzanpsyon ou resevwa.

Taxable Value/Valè TaksabValè estime ou mwens valè ekzanpsyon ou. Valè taksab la se montan taks yo mande pou w peye a.

Property Description/Deskripsyon PwopriyeteEnfòmasyon debaz sou pwopriyete a: pwopriyetè, deskripsyon, klasifikasyon, ak BBL.

Idantifikasyon Pwopriyete: BBLChak pwopriyete nan Vil New York gen yon nimewo idantifikasyon inik ki rele yon nimewo minisipalite-blòk-pasèl, oswa BBl. BBL la aji kòm nimewo kont ou avèk Depatman Finans epi li pral parèt sou prèske tout avi oswa deklarasyon ou resevwa nan men nou. Asire w ou gen BBL ou nan men lè ou kontakte DOF-li pral ede nou rezoud pwoblèm ou an pi vit.

Nimewo Minisipalite a toujou avan:

Nimewo Blòk la dezyèm Li ka jiska 5 chif.

Nimewo Pasèl la dènye Li ka jiska 4 chif.

1 = Manhattan2 = Bronx

3 = Brooklyn4 = Queens

5 = Staten Island

11

Page 12: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

POU KONTESTE VALÈ ESTIME SOU

avi konsènan valè pwopriyeteSi ou kwè nou te mete valè estime nou an twò wo, ou gen dwa pou konteste devan Komisyon Fiskal Vil New York (New York City Tax Commission) yon ajans minisipal endepandan ki gen otorite pou chanje valè estime pwopriyete ou, klas taks li, ak ekzanpsyon yo. Pou Komisyon Taks la diminye evalyasyon ou an, ou dwe pwouve valè pwopriyete ou a mwens pase valè mache efikas li a- valè estime li avan egzanpsyon yo divize 6 %.

Pou depoze yon kontestasyon, ale sou sitwèb Komisyon Taks la nan www.nyc.gov/html/taxcomm epi telechaje fòm 2018 TC108 ak TC108INS. Gen fòm enprime disponib tou nan Sant Biznis DOF yo ak nan biwo Komisyon Taks la nan One Centre Street, Room 2400, New York, NY. (Pou antre nan One Centre Street, ou pral bezwen yon pyès idantite ak foto ou sou li) Dat limit pou soumèt yon kontestasyon pou yon pwopriyete klas 1 se 15 Mas. Sa vle di Komisyon Taks la dwe resevwa kontestasyon ou an avan 15 mas – menm si ou ta voye kontestasyon ou pa lapòs nan dat sa a, sa p ap sifi.

Si ou pa dakò ak detèminasyon Komisyon taks la, ou ka depoze yon Petisyon pou Revizyon Evalyasyon Ti Reklamasyon (Small Claims Assessment Review Petition, SCARP) avèk Lakou Siprèm Eta New York. Petisyon SCARP yo disponib sou sitwèb Biwo Administrasyon Tribinal Eta New York (NY State Office of Court Administration) www.nycourts.gov, epi ou dwe depoze li avan 25 oktòb. Ou pa ka ranpli yon SCARP si ou pa depoze yon kontestasyon avèk Komisyon Taks la pou ane fiskal la k ap kòmanse 1ye jiyè.

Lòt koreksyonSi gen yon erè nan NOPV ou a (pa egzanp, deskripsyon pwopriyete ou a pa kòrèk), tanpri depoze yon fòm “request to update” (demann pou modifikasyon) ak Depatman Finans ki disponib sou sitwèb www.nyc.gov/finance, ant 15 janvye ak 15 mas. Si ou pa dakò ak valè mache estime ki sou NOPV ou a, ou ka depoze yon fòm “request to review” (demann ou evalye) ki disponib nan www.nyc.gov/finance ant 15 janvye ak 15 mas (Men sonje si ou depoze youn nan fòm sa yo ak DOF se pa yon ranplasman pou konteste kont valè estime ou a avèk Komisyon Taks la.)

ane ou nan taks sou pwopriyeteDOF voye Avi Konsènan Valè Pwopriyete yo pa lapòs.

16 JANVYE: dat limit pou aplike pou egzanpsyon taks pou moun aje ak moun ki andikape pou ane fiskal 2017-18.

15 MAS: dat limit pou konteste valè pwopriyete ou a ak Komisyon Taks Vil New York la.

15 MAS: dat limit pou aplike pou egzanpsyon taks.

DOF pibliye evalyasyon final la epi jenere bòdwo taks sou pwopriyete pou ane fiskal la k ap kòmanse 1ye jiyè.

Ou resevwa premye bòdwo taks sou pwopriyete ou pou nouvo ane fiskal lan.

JANVYE FEVRIYE MAS AVRIL ME JEN12

Page 13: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

resous yoBiwo Defansè Kontribyab laSi ou te fè yon efò rezonab pou rezoud yon pwoblèm taks ak Depatman Finans la men ou santi ou pa te resevwa yon repons ki satisfezan, Biwo Defansè Kontribiyab la ka ede.

Pou jwenn èd nan men Biwo Defansè Kontribyab la, ale sou www.nyc.gov/taxpayeradvocate epi ranpli fòm DOF-911, “Mande Èd nan Men Biwo Defansè Kontribyab la.” Ou ka kontakte Biwo Defansè Kontribyab la dirèkteman tou nan:

Imèl: [email protected]: (212) 312-1800Faks: (646) 500-6907 oswa (212) 312-6598Ekri: NYC Office of the Taxpayer Advocate, 253 Broadway, 6th Floor, New York, NY 10007

Komisyon Taks Vil New York laKomisyon Taks Vil New York la se yon ajans endepandan ki gen otorite pou chanje valè estime pwopriyete ou, klas taks, ak ekzanpsyon yo.

W ap jwenn tout fòm kontestasyon yo nan sitwèb Komisyon Taks lawww.nyc.gov/html/taxcomm, epi ou ka rele 311 pou jwenn yo tou.

Ou ka rele Komisyon Taks la nan (212) 669-4410 oswa voye on imèl bay yo nan [email protected].

ane ou nan taks sou pwopriyeteYon nouvo ane fiskal ap kòmanse; w ap peye taks nan to ane pase a, si yo pa adopte nouvo to taks la anvan 6 jen.

Konsèy minisipal la te vote sou taks la epi Majistra a te siyen li. Anpil fwa, pou desizyon politik pou modifye lwa distribisyon pataj klas taks la, se jis nan mwa novanm yo finaliZE to taks yo. Paske nou prèske nan mwatye wout ane fiskal la avan novanm, nou pral kalkile premye pati ane a ak nouvo to a.

JEN JIYÈ OUT SEPTANM OKTÒB NOVANM DESANM13

Page 14: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

Abatement/Rabè: Vil New York ofri soulajman fiskal yo rekonèt kòm rabè ki aplike apre yo fin kalkile montan taks ou dwe a.

Assessed Value/Valè Estime: Valè estime yon pwopriyete lakay ou se yon pousantaj valè mache li. Dapre lalwa, valè estime yon pwopriyete klas 1 pa ka ogmante pa plis pase 6 % chak ane oswa 20 % sou senk (5) ane, sòf si valè a ogmante akòz nouvo konstriksyon oswa renovasyon. Anplis, valè estime ou pa ka depase 6 % valè mache kay ou.

Assessment Ratio/Rapò Estimasyon: Rapò Evalyasyon (oswa Pousantaj Estimasyon/ Nivo Estimasyon): Valè estime ou baze sou yon pousantaj valè mache ou; sa a se pousantaj ki rele rapò evalyasyon ou. Rapò “sib” ou an, ki se rapò maksimòm val estime ak valè mache ou yo ka enpoze, depann sou klas taks ou. Rapò evalyasyon sib pou pwopriyete klas 1 yo se 6 %.

Effective Market Value/Valè Mache Efikas: Valè mache efikas pwopriyete ou an se valè estime li, anvan ekzanpsyon, divize pa 6%. Pou Komisyon Taks la diminye evalyasyon ou an, ou dwe pwouve valè pwopriyete ou a mwens pase valè mache efikas li a.

Exemption/Egzanpsyon: Vil New York ofri soulajman fiskal yo rekonèt kòm egzanpsyon pou moun aje, veteran, manm legliz, moun ki gen andikap, ak lòt pwopriyetè kay. Si yo ba ou yon egzanpsyon, y ap retire li sou valè estime kay ou a, epi sa ap redwi valè taksab ou a. (Yon egzanpsyon diferan ak yon rabè, yon kalite soulajman fiskal ki diminye taks ou dwe apre yo kalkile li.)

Market Value/Valè Mache: Pou detèmine yon valè mache pou klas taks 1 pwopriyete ou a, Depatman Finans (Department of Finance) sèvi ak analiz estatistik ki enkòpore done tankou pri lavant resan kay ki sanble ak pa ou a nan katye ou a. Pwopriyete ki gen prèske men gwosè, estil, ak laj ak pa ou a. Valè mache sa a se pou rezon taks sèlman.

glosè

14

Page 15: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

glosèTax Classes/Klas taks: Pwopriyete nan Vil New York City yo divize an kat (4) klas, kote yo trete yo diferan fason selon lwa a.

Class 1/Klas 1: Pwopriyete ki majoritèman rezidansyèl youn (1) a twa (3) inite. Epitou gen ladan sèten teren vid ak sèten kalite kondominyòm.

Class 2/Klas 2: Pwopriyete rezidansyèl ak 3+ inite, ki gen ladan kondominyòm ak koperativClass 3/Klas 3: Pwopriyete ekipman konpayi sèvis piblik ak pwopriyete franchiz espesyalClass 4/Klas 4: Tout lòt byen imobilye, tankou bilding biwo, faktori, magazen, otèl ak lòf.

Tax Rate/To taks: To taks Vil New York pou klas pwopriyete w la. Se konsèy minisipal la ki etabli pousantaj sa a chak ane epi li kapab chanje.

Taxable Value/Valè Taksab: Valè estime ou mwens valè ekzanpsyon ou. Valè taksab la se montan taks yo mande pou w peye a.

15

Page 16: REZIDAN VIL NEW YORK taks sou pwopriyete...mwens, epi de (2) fwa pa ane pou kay yo estime ki vo plis pase $ 250,000. Dat limit bòdwo chak trimès yo se 1ye jiyè, 1ye oktòb, 1ye

Rev. 01.09.18 - Haitian Creole