Top Banner
Pawòl Pawòl Lavi Lavi a a Avril 2009 Avril 2009
24

Pawòl Lavi a

Jan 10, 2016

Download

Documents

jalene

Pawòl Lavi a. Avril 2009. « Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive » (Mt 24,42). - PowerPoint PPT Presentation
Welcome message from author
This document is posted to help you gain knowledge. Please leave a comment to let me know what you think about it! Share it to your friends and learn new things together.
Transcript
Page 1: Pawòl  Lavi a

PawòlPawòl

Lavi a Lavi a Avril 2009 Avril 2009

Page 2: Pawòl  Lavi a

« Se pou nou rete ap veye,

paske nou pa konnen

ki jou Granmèt nou an

ap rive » (Mt 24,42).

Page 3: Pawòl  Lavi a

Eske w te reyalize kijan ou pa konn viv lavi pa w men ou toujou ap rale l dèyè w paske w-ap tann yon bagay k-ap vini « apre », kote w ta dwe jwenn yon bagay ki « bèl »? Sèke genyen yon « apre ki bèl » k-ap vini. Men se pa sila w-ap tann nan. Genyen yon kichòy Bondye te mete nan kè w k-ap fè w toujou ap tann yon

moun oubyen yon bagay ki kapab fè kè w kontan.

Page 4: Pawòl  Lavi a

Petèt ou ka sonje yon fèt, yon bon ti tan, yon rankont espesyal… Men apre sa, kè w pa kontan ankò oubyen li pa kontan nèt ale. Epi konsa w-ap kontinye piti piti viv san ou pa konnen kote pou w ale,

ou toujou ap tann.

Page 5: Pawòl  Lavi a

Anverite, nan tout sa ki kapab rive nan lavi w, gen yon bagay pyès moun pa kapab

chape anba li, se rankont bab pou bab ak Bondye k-ap vini an. Men sa-k

« bèl » w-ap chache san w pa

konnen, paske w fèt pou w viv nan kè kontan. Epi kè

kontan nèt ale sa a se li menm sèl ki

kapab ba w li. Jezi, paske li konnen kijan, mwen menm avèk ou menm, se avèg nou ye nan chache n ap chache li

a, li di nou konsa:

Page 6: Pawòl  Lavi a

« Se pou nou rete ap veye,

paske nou pa konnen

ki jou Granmèt nou an

ap rive » (Mt 24,42).

Page 7: Pawòl  Lavi a

Paske nan pami yon pakèt bagay ou pa kapab sèten sou tè a, gen youn ou pa kapab doute sèke yon jou w

va mouri. Pou kretyen an sa vle di parèt devan Kris k-ap vini an.

Se pou nou rete

ap veye. Se pou nou

veyatif.

Page 8: Pawòl  Lavi a

Sa kapab vini deske w menm tou ou nan pami moun

k-ap fè tout sa yo kapab pou yo bliye lanmò a. Ou pè

moman sa a epi w-ap viv tankou si li pa ta egziste. W-ap di sa nan fason w-ap chouke byen chouke rasin ou yo nan tè a : lanmò a fè w pè

kidonk li pa egziste. Okontrè lè sa a va vini paske Kris la va vini

ou mèt sèten.

Page 9: Pawòl  Lavi a

« Se pou nou rete ap veye,

paske nou pa konnen

ki jou Granmèt nou an

ap rive » (Mt 24,42).

Page 10: Pawòl  Lavi a

Ak pawòl sa yo Jezi vle di nou

li va vini nan dènye jou.

Menm jan li te monte nan syèl la

sot nan mitan apòt li yo,

menm jan tou li va tounen.

Men pawòl sa yo vle di tou

Granmèt la va vini nan finisman lavi chak moun.

Lè yon moun mouri,

sa k sou tè a tou li fini pou moun sa a.

Page 11: Pawòl  Lavi a

Depi w pa konnen si Kris la vini jodi a, aswè a, demen, aprè yon lane oubyen pi plis ankò, ou bezwen veye. Tankou moun k-ap rete ap veye paske yo konnen volè yo kapab vini pou yo devalize lakay yo men yo pa konnen

ki lè sa a.

Page 12: Pawòl  Lavi a

Si Jezi gen pou l vini, sa vle di lavi sa va pase. Si se konsa, ou pa dwe gade lavi a tankou yon

bagay ki pa gen valè men ou dwe ba li tout konsiderasyon pa w. Ou dwe pare tèt ou

pou rankont sa ak yon bon jan lavi.

Page 13: Pawòl  Lavi a

« Se pou nou rete ap veye,

paske nou pa konnen

ki jou Granmèt nou an

ap rive » (Mt 24,42).

Page 14: Pawòl  Lavi a

Lavi pa w se pa sèlman yon seri zak k-ap pase konsa konsa, men se yon konba. Genyen yon pakèt bagay k-ap

eseye w tankou sèks la, pretansyon an, lajan an, vyolans lan ki se prensipal lenmi w yo.

Tout bon vre ou menm tou ou bezwen

veye.

Page 15: Pawòl  Lavi a

Si w-ap veye toujou, ou pap janm kite yo siprann ou.Men moun ki renmen yo, yo veye, paske veye se yon siy

renmen.Lè w renmen yon moun, kè w toujou ap tann li epi chak ti moman k-ap pase san li pa la, se pou

li menm li ye.

Page 16: Pawòl  Lavi a

Se konsa yon madanm li damou pou mari li etan l-ap travay pou l prepare kichòy pou sila ki pa la. Tout sa l-ap fè a se pou li menm

l-ap fè l. Lè li tounen, nan fason l-ap salwe li ak anpil renmen, se tout travay lajounen an k-ap pale.

Page 17: Pawòl  Lavi a

Se konsa yon manman ap fè lè l-ap fè yon ti poze bò kote pitit li ki malad la. L-ap dòmi men kè l ap

veye.

Page 18: Pawòl  Lavi a

Se konsa tou moun ki renmen Jezi konn fè. L-ap fè tout bagay pou sila li rankontre nan tout ti sikonstans lavi li k-ap di l kisa l-ap tann

nan men li epi li va jwenn li tou nan gwo rankont jou li va vini an.

Page 19: Pawòl  Lavi a

Se te nan 3 novanm 1974.Nan sid peyi Brezil, nan Santa Maria, te gen yon rankont pou 250 jèn kretyen yo. Pi fò nan yo

t-ap soti nan vil Pelotas.

Page 20: Pawòl  Lavi a

Premye bis pati avèk 45 moun: anpil chante, anpil kè kontan, anpil renmen pou Jezi. Yon lè kèk jèn fi kómanse di chaplè sou mitè soufrans lan etan yo t-ap mande

Manman Mari pou yo ret fidèl Bondye jous yo mouri.

Page 21: Pawòl  Lavi a

Youn ki chape anba lanmò di konsa: “

Mwen te wè lanmò a tou pwòch men kè

m p-at sote paske Bondye te la”.

Nan yon viray, poutèt yon pwoblèm

mekanik, bis la woule twa fwa tonbe nan yon ravin 50 mèt.

Gen 6 jèn fi ki mouri.

Page 22: Pawòl  Lavi a

Yon lòt: “Lè m te wè mwen pa t kapab deplase, nan mitan debri yo,

mwen te gade syèl la ki te plen zetwal epi mwen te lapriyè

ajenou nan mitan kò konpay mwen yo. Bondye te la toupre

nou…” . Papa Carmen Regina, youn nan

viktim yo, te konte pitit fi li te di l

anpil fwa: “Mouri se yon bèl bagay, papa,

paske nou va rete ansanm ak Jezi”.

Page 23: Pawòl  Lavi a

« Se pou nou rete ap veye,

paske nou pa konnen

ki jou Granmèt nou an

ap rive » (Mt 24,42).

Page 24: Pawòl  Lavi a

Jèn Pelotas yo, paske yo te renmen, yo te veye, lè Granmèt la te vini yo te ale rankontre li ak kè

kontan.

“Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.Testo di: Chiara Lubich, dicembre 1978.

Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)