Top Banner
Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris); Anpi Pès la 1. Dekri wa Asyeris. Sa l genyen? Wayòm li genyen ki peyi ladan l? 2. Sa k rive larenn Vachti? Dekri l. Poukisa Asyeris deside fè sa l fè a? 3. Ki koze lang / lengwistik nou kapab konstate nan liv la? 4. Dekri metòd Asyeris genyen pou jwenn yon lòt madanm? 5. Konben tan yo pran pou yo pare jenn fi yo? Kisa yo fè pou ak yo? 6. Kijan Asyeris chwazi yon fi? Pouki l chwazi Estè? 7. Ki moun ki Madoche? Kisa l aprann sou Tèrèch ak Bigtan? Sa k rive yo? 8. Ki moun ki Aman? Poukisa li vin ofiske? Sa l deside fè? 9. Ki motivasyon yo genyen pou antreprann zak yo? 10. Ki mès Jwif yo genyen? 11. Ki jan Jwif yo te reyaji? Kisa Madoche fè? 12. Kisa Estè deside fè atout lalwa defann fè sa l pral fè?
40

Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Aug 19, 2020

Download

Documents

dariahiddleston
Welcome message from author
This document is posted to help you gain knowledge. Please leave a comment to let me know what you think about it! Share it to your friends and learn new things together.
Transcript
Page 1: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);

Anpi Pès la

1. Dekri wa Asyeris. Sa l genyen? Wayòm li genyen ki peyi ladan l?

2. Sa k rive larenn Vachti? Dekri l. Poukisa Asyeris deside fè sa l fè a?

3. Ki koze lang / lengwistik nou kapab konstate nan liv la? 4. Dekri metòd Asyeris genyen pou jwenn yon lòt madanm? 5. Konben tan yo pran pou yo pare jenn fi yo? Kisa yo fè pou ak

yo? 6. Kijan Asyeris chwazi yon fi? Pouki l chwazi Estè? 7. Ki moun ki Madoche? Kisa l aprann sou Tèrèch ak Bigtan? Sa

k rive yo? 8. Ki moun ki Aman? Poukisa li vin ofiske? Sa l deside fè? 9. Ki motivasyon yo genyen pou antreprann zak yo? 10. Ki mès Jwif yo genyen? 11. Ki jan Jwif yo te reyaji? Kisa Madoche fè? 12. Kisa Estè deside fè atout lalwa defann fè sa l pral fè?

Page 2: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Vokabilè Estè 1-4

1. Ki travay yon kanbizye konn fè? 2. Sa yo konn fè ak yon kouwòn? Ki sa l vle di? 3. Esplike espresyon ‘pran yon moun pou bòbòy’ 4. Tradui an angle: ‘se sa ase yo pral pale’ 5. Esplike: ‘jenn fi ki tifi toujou’ 6. Tradui ‘yo mache chache anpil jenn fi’ 7. Eske ou te deja tonbe pou yon moun? 8. Ki ankèt ou pral mennen? 9. Sa ki kapab ofiske ou? 10. Tradui: ‘Yo voye mesaje kouri pote piblikasyon an’. 11. Ki lè Gènzvil / Ozetazini tèt anba? 12. Madoche derefize mete bon rad sou li. Ki sa ou derefize

fè?

Estè 5 - 10

Page 3: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

1 2 3

4 5 6

7 8 9

10 11 12 13

Page 4: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

1.Fòtèy la / divan an / chèz boure a

2.Wa a; fè pòs; domestik konfyans

3-4. Kouwòn nan / Baton lò a

5. bese tèt; mete ajenou

6. bwè diven

7-8. poto pou pann Madoche

9. palè a

10. papòt palè a

11. domestik

12. tonbe sou tout lènmi ak kout nepe

13. fèt Pourim

Page 5: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Keksyon sou sa k nan Estè 5 – 10

1. Kijan Asyeris resevwa larenn Estè? Sa l pwomèt li? (5)

2. Dekri plan Aman genyen. (5)

3. Pouki Asyeris deside pou l rele viv Madoche? (6)

4. Ki koze komik / iwonik rive nan chapit 6 ak Aman?

5. Sa k rive Aman? Lè yo pral egzekite yon moun, ki sa yo fè avè l an premye?

6. Ki jan Estè esplike ezitasyon l nan koze denonse Aman?

7. Kisa Madoche pran nan men Aman?

8. Ki dwa wa a bay pèp jwif yo? Ki jan li rann desizyon an ofisyèl?

9. Ki sa jwif yo te fè pou yo tire revanj? Ki sa ki diferan ak fason jwif yo regle revanj yo?

10. Ki sa yo fè apre sa?

11. Ki pozisyon Madoche genyen?

12. Ki wòl liv Estè a genyen pou jwif yo?

Page 6: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Vokabilè ak gramè: kijan pou n tradui fraz anba yo?

1. Ou te mèt mande m mwatye nan peyi a

2. Li pa menm fè yon rimay leve lè l ap pase

3. ...tou sa pa di m anyen toutotan m a wè jwif yo rele Madoche

4. Aman te fenk antre

5. Madoche tounen tounen l

6. Si se vann yo te vann nou

7. Li pran tranble devan wa a

8. Wa a tounen antre sòti nan jaden an

9. Yo pann ni li ni pitit gason l yo

10. Fè gwo fèt jouk ras la va kaba

Page 7: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Jenèz 1 pou 4

1. Bay kèk nan senbòl / metafò ki nan chapit sa yo.

2. Ki enstriksyon Bondye genyen pou bèt ak moun yo?

3. Ki jou Bondye beni? Poukisa?

4. Dekri jaden Edenn nan.

5. Ki wòch ak metal ki genyen nan chapit 2 [oniks kwiv fè]

6. Koze pyebwa ‘ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal’ eseye esplike ki fenomèn moun kontre yo?

7. Ak kisa Bondye kreye Adan ak Ev? Eske ou renmen jan Bib la reprezante kreyasyon fanm? Poukisa kèk feminis kritike tèks sa a?

8. Kisa Adan ak Ev konprann apre yo manje nan donn pyebwa ki fè moun konnen?

9. Ki kalite rad yo mete?

10. Ki pinisyon yo genyen?

11. Ki koze ta kapab enterese Vodwizan yo?

Page 8: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

12. Rakonte istwa Kayen ak Abèl. Ki konsekans pou Kayen?

Page 9: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Vokabilè ak gramè

1. Donte tè a.

2. Ou mèt manje donn tout pyebwa.

3. Piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen...

4. Nou p ap mouri kras.

5. Yo fè tanga mete sou yo.

6. Kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife... yo t ap dragonnen nan tout direksyon.

7. Li mare figi l byen mare.

8. Antan yo nan jaden an

9. Y ap jwe gita ak fif.

10. Yon bòs fòjon ki te konn travay kwiv ak fè.

Page 10: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Rony Joseph 84-104

Bank mo yo:

[fè banda] [fè bouch li long] [fè filalang] [fè dekabès] [fè jako pye vèt] [fè tripotaj] [fanm deyò] [eskanp figi] [fanm vanyan] [fè dappiyan]

1. “Fòm natirèl figi yon moun”

2. “Yon fanm sou kote”

3. “Yon fanm ki pa pè”

4. “Fè moun wè”

5. “Fè yon moun fache”

6. “pran yon bagay ak fòs”

7. “genyen nan domino”

8. “ofri yon bagay... wete li”

9. “gason ki chache yon menaj li pa ka genyen “pale sa k pa vre”

Page 11: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Keksyon yo sou Jenèz 5 – 10

1. Ki moun ki sanble tèt koupe ak Noe? Ou sanble tèt koupe ak ki moun?

2. Ki wòl senbolik gwo laj nan Bib la genyen? Eske moun te vreman viv 930 lanne?

3. Ki pouvwa espirityèl madichonnen moun ak latè? Bondye? Zanj? Dyab?

4. Poukisa kè Bondye vin sere ak lapenn? Ki mechanste sou mechanste lèzòm ap fè?

5. Kisa Noe te dwe fè pou pare batiman l lan pou l pa koule apik?

6. Kisa Noe te dwe mete nan batiman an?

7. Kijan Noe te konnen dlo a t ap disparèt?

8. Kijan Noe fè sakrifis li? Kisa ki menm ak diferan ak fason Vodwizan fè sakrifis?

9. Ki efè sakrifis genyen pou Noe?

10. Dekri kontra Bondye fè ak Noe (gen plizyè pati ladan ni).

11. Kisa lakansyèl vle di nan Bib la? Kisa l vle di nan Vodou?

12. Kisa ki rive lè Noe bwè diven? Kote l jwenn ni? Ki konsekans ki genyen?

13. Kisa nou aprann sou koze esklavaj nan tan lontan?

Page 12: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Bank mo: mezi ;

Ranmase manje _________ ou kapab

Page 13: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Liv Rit la

1. Ki moun ki Elimelèk? Sa k rive mari li ak pitit li yo?

2. Kisa Naomi deside fè? Poukisa li deside fè l?

3. Kisa Opa ak Rit vle fè?

4. Kisa nou aprann sou relijyon Opa a?

5. Ki kote nan Jida Rit ak Naomi prale?

6. Mizè ak lapenn Naomi sòti ki bò?

7. Ki manje ak bwason moun kapab fè ak lòj?

8. Dekri msye Bòz.

9. Kisa Rit fè nan jaden msye Bòz la?

10. Kijan Rit pran Bòz kòm mari l?

11. Kisa Bòz dwe fè pou l marye ak Rit?

12. Kisa Rit fè pou Bòz apre yon fin marye?

Page 14: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Bank mo

Anbete / defen / gen valè / bon toutbonvre / beton / souke / anba tonnèl

Ti fraz

1. Moun ki mouri a

2. Nan lonbraj

3. Anmègde yon moun

4. Mwen pa vo yonn nan medam yo

5. Yo pral vannen lòj yo

6. ...bò glasi a, kote y ap vannen

7. Yon fanm total

Tradui:

1. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba.

2. Senyè a fin vire do ban mwen.

3. Pa pito m chache yon mari pou ou.

4. Ou pa bezwen bat kò ou.

5. Bòz p ap bay kò l kanpo jòdi a.

Page 15: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Ti Kwiz sou Rit

Marye mo ki adwat yo ak fraz ki agòch yo.

1. Moun ki mouri a (a) gen valè

2. Nan lonbraj (b) Anbete

3. Anmègde yon moun (c) anba tonnèl

4. Mwen pa vo yonn nan medam yo (d) souke

5. Yo pral vannen lòj yo (e) defen

----------------------------------------------------------------------------

6. ...bò glasi a, kote y ap vannen

(a) Beton (b) atè (c) yon kès

7. Bòz pa t yon bon moun.

(a) Vre (b) Pa vre

8. Naomi voye l rete ak fanmi li, epi l ale.

(a) Rit (b) Mari (c) Opa (d) Ev

9. Se yon grenn yo t ap rekolte nan jaden Jida epòk sa.

(a) pititmi (b) avwàn (c) ble (d) lòj

10. Bòz p ap bay kò l kanpo jòdi a.

(a) abuse (b) rest (c) stand

11. Rit te ba Bòz yon gason ki te vin yon...

(a) tèt chaje pou Bòz (b) baton vyeyès pou Bòz

(c) yon enspirasyon pou Bòz

Page 16: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Pwovèb 10 – 17

I. Pale sou estrikti pwovèb yo

1. Ki estrikti lojik / konseptyèl pwovèb yo genyen?

2. Pale sou mesaj ou renmen epi ou pa renmen nan pwovèb yo.

3. Poukisa moun sèvi ak pwovèb yo?

4. Eske ou deja memorize kèk pwovèb ayisyen?

5. Ki jan pwovèb yo kreye epi kolekte? (teyorikman).

6. Ki jan yon liv tankou Pwovèb difere ak yon liv tankou Rit oswa Estè?

7. Ki sa ki fè yon bon fanm oswa yon bon gason?

8. Kisa w dwe fè anvan ou pale?

II. Pale sou kalite moun sa yo:

Moun k ap soufri

Moun ki gen bon konprann

Moun k ap twenzi je yo sou moun

Moun ki gen renmen nan kè yo

Moun ki rayi moun

Moun ki peng

Moun awogan yo

Moun ki gen lanbisyon

Page 17: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

III. Konplete pwovèb la:

1. Jou malè... [richès pa ka sèvi ou anyen] (11:4)

2. Moun ki pa renmen yo rale zòrèy yo [se moun san konprann] (12:1)

3. Lajan ou fè fasil [pa lwen fini]

4. Kote ki pa gen bèf pou rale chari [pa gen rekòt]

5. Lè w pòv [ou pa gen zanmi]

6. Lè w kontan, [yo wè sa sou figi w]

7. Lè ou nan lapenn [ou kagou]

8. Cheve blan [se bèl rekonpans]

Page 18: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Kantik / Chante Salomon

3:8 Yo tout gen anpil ladrès pou sèvi ak nepe. Se vyewo yo ye nan lagè. Yo chak gen nepe yo mare nan ren yo. Yo tou pare pou si yo ta atake yo lannwit.

4:1 Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl dèyè vwal ki sou tèt ou a! Je ou yo ou ta di de ti pijon. Cheve ou yo ap danse tankou yon bann kabrit k ap kouri desann sou mòn Galarad.

4:8 Ann al avè m non! Ann desann mòn Liban an, fiyanse mwen! [...] 4:9 Sò mwen, bèl nègès mwen, ou annik gade m yon fwa, ou fè m pèdi lòlòj mwen. M annik wè yonn nan bèl ti chenn nan kou ou yo, m pèdi tèt mwen.

5:1 ¶ M antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m, mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!

5:7 Gad k'ap fè patwouy nan tout lavil la kontre avè m. Yo bat mwen, yo toufounen m! Gad ki t'ap fè faksyon sou miray ranpa yo pran gwo manto ki te sou mwen an.

5:10 Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil (10.000) gason.

6:2 Mennaj mwen al nan jaden l, kote pyebwa santi bon ap pouse. li al bay mouton l yo manje. Li al ranmase bèl ti flè.

6:8 Wa a gen swasant renn, katreven fanm kay. Pou jenn fi menm, se pa pale. 6:9 Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman l fè. Se pitit sa a li

Page 19: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

pi renmen. Lè jenn fi yo wè l, yo di: Gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak fanm kay yo menm ap fè lwanj li.

8:6 Pa renmen lòt moun pase mwen ase! Kenbe m fò nan bra ou! renmen tankou lanmò. Lè ou renmen yon moun tout bon, se mouri w'ap mouri pou li. renmen met dife nan tout kò ou. Dife sa a se nan Bondye li soti. 8:7 Pa gen dlo ki ka touye l. Pa gen larivyè ki ka tenyen l. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l ta achte renmen, pesonn pa ta okipe l.

Tradui angle an kreyòl ayisyen

1. I wasn’t just a little bit overjoyed [Se pa ti kontan n ap kontan]

2. your caresses [karès ou]

3. filly [poulen chwal]

4. a packet of basil place on my breasts [pake bazilik ki poze sou tete mwen]

5. he’s watching in jealousy [l ap veye nan jalouzi]

6. a lovely couch on a stretcher [yon bèl divan sou branka]

7. a red ribon [yon riban wouj]

8. on the door handle [sou kwochèt pòt la]

9. a bowl of milk [yon kivèt lèt]

10. We’ll see / we’re going to see [n ava gade]

11. There is no river which can extinguish it [Pa gen rivyè ki ka tenyen l]

Page 20: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Ezayi 1- 6

Lwa bitasyon

1. Ki avètisman Bondye bay Izrayèl?

2. Chapit la pale de ki kalite kay? [ti joupa / ti tonnèl]

3. Kisa yon jennès konn fè?

4. Ki kòz moun ta manyè defann? [timoun san papa, fanm ki pèdi mari yo]

5. Kisa nou aprann sou lòt relijyon ki te egziste nan epòk sa a? Ki rapò yo genyen ak Vodou?

6. Ki sa yon divinò konn fè? Ki jan yon moun li nan zetwal?

7. Ki pwofesyon nou kapab jwenn nan Ezayi? [sòlda, divinò, kaptenn, majistra, moun ki bay konsèy]

8. Poukisa Ezayi di Jerizalèm bannann?

9. Kisa nou aprann sou trètman esklav? [Se tanpe yo tanpe yo ak fè wouj sou figi yo]

10. Ki kritik Ezayi bay medam Jerizalèm yo? Ki rad / bijou fanm chapit la diskite [basle, bando, meday, zanno, vwal, mouchwa, ti chenn, poban odè, bwòch, zanno pou nen, bèl rad swa, foula yo, chal, bous, glas yo, madras, dantèl]

Page 21: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Chache bon sinomim

pran plezi nan | bidonvil | anmè | kraze | nèt | ensiste |flèch | sèlman | pou dife | wanga |

1. Poukisa n ap plede fè tèt di.

2. Boule tout lavil la ratè.

3. Se renk ansasen!

4. Yon pil fachin bwa chèch.

5. Yo fè maji, moute batri.

6. Y a jwi pwofi travay yo.

7. Se yon timoun k ap prije yo.

8. Banza yo tou pare pou tire.

9. Tout kay tounen mazi.

10. Vye rezen si ase.

Page 22: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Ezayi 1 – 12; Konekte vokabilè Ezayi ak imaj ki anba yo!

1 2 3

4 5 6

7 8 9 10

Page 23: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Keksyon pou kominikasyon, Ezayi, chapit 7-12

1. Poukisa Ezayi pale de mò yo?

2. Poukisa peyi Lasiri ap vini selon Ezayi?

3. Ki pèlen ki nan Ezayi? Ki pèlen menase w?

4. Kisa ki te pi grav nan pinisman Bondye nan Ezayi chapit 9?

5. Ki pretansyon ak awogans anmède Ezayi?

6. Esplike: “Mwen wete bòn ki te make fontyè pèp yo.”

7. Poukisa yo konn di Bondye Jwif la se yon “Bondye Istwa.”

8. Lè nou li sou konfli peyi Izrayèl la te genyen ak Lejip ak Lasiri nan tan lontan, ki refleksyon nou fè sou konfli Izrayèl genyen jounen jodi a?

9. Esplike giyonnen? Eske w konn giyonnen moun yo?

10. Esplike: san patipri, san paspouki.

11. Eske gen lespwa nan chapit sa yo? Ki kote Jwif yo gentan viv? Kisa Bondye pral fè lè l satisfè?

Page 24: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Chache sinonim pou mo ki an teks gra:

1. Mwen p ap sonde l.

2. Bondye mwen an bouke ak nou.

3. Wòch k ap fè nou bite.

4. Drive nan labou.

5. Depi kounyeya jouk sa kaba.

6. Se konsa m ap aji.

7. Timoun fenk sevre va lonje men yo nan bouch twou sèpan.

[ba l defi, envestige ; fatige, fache; frape; trennen, mache; fini; se aksyon sa m ap pran; wete tete; bay]

Page 25: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

1 2

3 4

5 6 7

Page 26: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Metal ak materyèl yo:

Page 27: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Kesyon sou Danyèl 1 – fen chapit 5

1. Dekri sitiyasyon an kote pèp Jwif la twouve l.

2. Poukisa Nebikadneza mande Danyèl ak zanmi l yo vini nan Babilòn?

3. Ki jan Danyèl te enpresyone Achpenaz?

4. Ki enpòtans vizyon ak rèv genyen nan liv la? Ki enpòtans yo gen pou ou menm?

5. Ki rekonpans Danyèl jwenn depi li entèprete rèv wa a?

6. Kisa Nebikadneza vle fè ak estati l?

7. Ki konkirans relijyon ki genyen nan Danyèl?

8. Dekri sitiyasyon Chadrak, Mechak ak Abèdnego.

9. Ki koze nan Danyèl sanble ak Vodou?

10. Ki pouvwa delivre Chadrak, Mechak ak Abèdnego?

11. Ki koze dwòl rive Nebikadneza?

12. Sa k rive lè Belchaze te wa?

Teyat Danyèl

Rèv Nebikadneza

Wa a / Divinò / Danyèl

Estati Nebikadneza

Nebikadneza / Danyèl /Chadrak / Mechak / Abèdnego

Page 28: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Vokabilè:

1. Bonkou nan bagay

2. bon levasyon

3. li te mèt gran kou l gran

4. li ba li yon dèle

5. ata moun ki konn li zetwal

6. li fè yon sèl kòlè

7. Kite lawouze tonbe sou nonm sa a

8. gwo chouk ak tout rasin li

Teyat Bib la

� Rèv Nebikadneza

Wa a / Divinò / Danyèl

� Rit

� Estè

� Estati Nebikadneza

Nebikadneza / Danyèl /Chadrak / Mechak / Abèdnego

� Kayen e Abèl

� Jezi ak disip li yo

Page 29: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Idantifye mo ak lide sa yo:

1. Rad pwal chamo... krikèt ak gato myèl

2. pèseptè kontribisyon

3. Bèlzeboul

4. dirèktè lalwa

5. Rejiman

6. Yon revenan

Mak 1 - 6

1. Ki moun ki Jan Batis? Poukisa li parèt nan konmansman Mak? Ki wòl li? Kisa l manje?

2. Ki kalite moun te swiv Jezi?

3. Ki wòl move lespri genyen nan Mak?

4. Ki gwo aktivite Jezi genyen? Sa l fè chak jou?

5. Poukisa dirèktè lalwa kritike Jezi?

6. Poukisa Jezi pa vle fè jèn?

7. Ki jan yon moun kapab geri?

8. Lè manman ak frè Jezi yo vin chache l, kisa li di yo?

9. Poukisa Jezi pale an parabòl?

10. Ki pouvwa Jezi genyen sou lanati?

Page 30: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

11. Pale de koze rejiman an. Poukisa yo rele yo ‘rejiman’? Sa k rive yo?

12. Ki enstriksyon Jezi genyen pou disip li yo lè yo pral nan tout bouk yo?

13. Kijan Jan Batis mouri? Poukisa? Ki moun ki Ewòd ak Ewodyad?

14. Sa k rive senk mil moun yo?

1 2 3

4 5 6

Page 31: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

7 8 9

10 11 12 13 13 13

14

Page 32: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Mak 9 – 13: keksyon pou kominike!!!

1. Kijan Jezi wè moun ki pou kont yo?

2. Nan chapit 9, Jezi transfòme. Dekri sa.

3. Kijan Jezi wè peche?

4. Kijan Jezi wè divòs? Eske li reprezante yon chanjman

konpare ak lide Jwif yo?

5. Kisa Jezi di moun rich la? Eske sa l ap mande toujou difisil

pou Kretyen yo swiv?

6. Poukisa disip yo pa t manke fache ak Jak ak Jan nan chapit

10 la? Kisa Jezi di Jak ak Jan?

7. Kijan Jerizalèm resevwa Jezi? Ki bagay yo t ap di?

8. Kisa Jezi fè nan tanp lan? Eske se yon gwo pwovokasyon?

9. Rakonte parabòl move kiltivatè a pou patnè w.

10. Kijan farizyen eseye pran Jezi nan pèlen legalman? (chapit

12)

11. Kisa nou aprann sou filozofi Sadiseyen?

12. Ki sans ofrann vèv la genyen?

13. Kisa Jezi pral mande zanj li yo fè?

Page 33: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Bank mo ki efase yo:

fèm | gouvènman | tranblemanntè | akouchman | vizavi |

Sentespri | Atansyon | grangou | pè | goumen | tribinal | kase

|rayi

13:3 Jezi te chita sou mòn Oliv la, _______ak tanp lan. Pyè, Jak ak

Andre te pou kont yo avèk li. Yo poze l' keksyon sa a:

13:4 -Di nou kilè sa va rive non? Ki siy ki va fè nou konnen lè tout

bagay sa a yo gen pou rive?

13:5 ¶ Lè sa a Jezi pran di yo: -______ pou pesonn pa twonpe nou.

13:6 Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm

ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun.

13:7 Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè

k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen___. Fòk bagay sa yo rive. Men,

se p'ap ankò lafen an sa.

13:8 Yon pèp va ______ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt

peyi; va gen _________divès kote. Va gen anpil ______. Tou sa,

se va tankou tranche anvan ________________.

13:9 Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou

devan________, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan

chèf __________ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m'

temwen devan yo.

13:10 Anvan sa, fòk yo anonse bon nouvèl la bay tout nasyon yo.

13:11 Lè y'a arete nou pou mennen nou nan tribinal, pa ______tèt

nou pou nou chache konnen davans sa n'a pral di; men, n'a di

pawòl ki va vin nan bouch nou: paske lè sa a, se pa nou menm ki

va pale, se __________ a ki va mete pawòl yo nan bouch nou.

13:12 Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit,

Page 34: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo.

13:13 Tout moun pral ________nou poutèt mwen; men, moun ki

va kenbe ________jouk sa kaba, se li ki va sove.

fèm | gouvènman | tranblemanntè | akouchman | vizavi |

Sentespri | Atansyon | grangou | pè | goumen | tribinal | kase

|rayi

Tradui an anglè

Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l.

Antre Jezi antre nan kay la.

Separe lajan an ba pòv

depi m te tikatkat

Li vin kagou

Page 35: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

1 2 3

4 5 6

Page 36: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

7 8

9 10 1

Page 37: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

12 13

1

Page 38: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

Mak 13 - 16

1. Kisa ki pral kraze nèt vide atè? (13)

2. Poukisa Jezi mande moun pou yo veye kò yo? (13)

3. Poukisa yon fanm te vide odè sou tèt Jezi?

4. Dekri Jida. Poukisa li fè sa l fè a?

5. Kisa Pyè pwomèt Jezi? Poukisa li fè pwomès sa a?

6. Kisa Jezi lapriyè nan jaden Jetsemane? Poukisa li te desi ak

disip li yo?

7. Disip Jezi mache ak ki zam? Ki zak vyolans ki fèt? Eske se

yon endikasyon kèk manm nan ekip li te vle sèvi ak vyolans?

8. Kisa granprèt yo vle fè ak Jezi? Pouksa granprèt la chire rad ki

te sou li a?

9. Ki moun ki Barabas?

10. Kijan sòlda women yo trete Jezi. Dekri sa yo fè.

11. Ki wòl fanm yo te genyen nan moun ki t ap swiv Jezi?

12. Sa ki rive nan fen Mak?

Dekri sa k t ap pase nan sitiyasyon sa yo:

• Kòk la chante yon twazyèm fwa

• Moun n a wè m bo a

• Kloure l sou yon kwa!

• Yon ti pankat ki te ekri

• woule wòch ki devan bouch kavo a

Page 39: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

1 2 3

4 5

6 7 8

Page 40: Liv Estè a: 485 – 465 (Xerxes I = Asyeris);ufdcimages.uflib.ufl.edu/UF/00/09/89/59/00007/biblahai... · 2010. 4. 27. · mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou

9

10 11