Top Banner
Dyabèt Èske w gen Ris? Konsènan Dyabèt DYABÈT TIP 1 atake sitou timoun ak jèn adilt, men li kapab parèt a nenpòt laj. Moun ki fè dyabèt tip 1 an bezwen ensilin chak jou. DYABÈT TIP 2 atake jeneralman adilt ki twò gwo, ki ant 40 a 60 an, oswa pita, epi ki gen manm nan fanmi yo ki fè sik. Timoun ki twò gwo kapab gen gwo ris pou fè dyabèt tip 2. Majorite moun ki fè sik gen dyabèt tip 2. Kèk moun kapab kontwole kalite dyabèt sa a si yo manje bagay ki bon pou lasante, si yo pèdi pwa, ak si yo fè egzèsis. Kèk moun ap bezwen grenn pou sik ak/oswa ensilin. Etap AVAN-DYABÈT atake moun ki gen sik nan san yo pi wo pase nivo nòmal la epi ki gen ris yo k ap monte pou yo devlope dyabèt tip 2. Yon pwa ki bon pou lasante ak aktivite fizik ap ede prevni oswa retade dyabèt tip 2. Si w gen ris pou w fè dyabèt, pale ak moun k ap ba w swen an. Depatman Lasante Piblik nan Massachusetts (Massachusetts Department of Public Health) Pwogram Prevansyon ak Kontwòl Dyabèt 617-624-5070 Pou moun ki pa tande byen: 1-800-833-1477 www.mass.gov/dph/diabetes Pou w plase kòmand pou plis kopi bwochi sa a ale sou: www.maclearinghouse.com oswa rele 1-800-952-6637. 03/11 Haitian Creole Plizyè milyon moun gen dyabèt tip 2 epi yo pa konn sa
2

Konsènan Dyabèt - Health Resource in Actionfiles.hria.org/files/DB702.pdfDYABÈT TIP 1 atake sitou timoun ak jèn adilt, men li kapab parèt a nenpòt laj. Moun ki fè dyabèt tip

Oct 06, 2020

Download

Documents

dariahiddleston
Welcome message from author
This document is posted to help you gain knowledge. Please leave a comment to let me know what you think about it! Share it to your friends and learn new things together.
Transcript
Page 1: Konsènan Dyabèt - Health Resource in Actionfiles.hria.org/files/DB702.pdfDYABÈT TIP 1 atake sitou timoun ak jèn adilt, men li kapab parèt a nenpòt laj. Moun ki fè dyabèt tip

Dyabèt Èske w gen Ris?

Konsènan DyabètDYABÈT TIP 1 atake sitou timoun ak jèn adilt, men li kapab parèt a nenpòt laj. Moun ki fè dyabèt tip 1 an bezwen ensilin chak jou.

DYABÈT TIP 2 atake jeneralman adilt ki twò gwo, ki ant 40 a 60 an, oswa pita, epi ki gen manm nan fanmi yo ki fè sik. Timoun ki twò gwo kapab gen gwo ris pou fè dyabèt tip 2. Majorite moun ki fè sik gen dyabèt tip 2. Kèk moun kapab kontwole kalite dyabèt sa a si yo manje bagay ki bon pou lasante, si yo pèdi pwa, ak si yo fè egzèsis. Kèk moun ap bezwen grenn pou sik ak/oswa ensilin.

Etap AVAN-DYABÈT atake moun ki gen sik nan san yo pi wo pase nivo nòmal la epi ki gen ris yo k ap monte pou yo devlope dyabèt tip 2. Yon pwa ki bon pou lasante ak aktivite fizik ap ede prevni oswa retade dyabèt tip 2.

Si w gen ris pou w fè dyabèt, pale ak moun k

ap ba w swen an.

Depatman Lasante Piblik nan Massachusetts (Massachusetts Department

of Public Health)Pwogram Prevansyon ak Kontwòl Dyabèt

617-624-5070Pou moun ki pa tande byen: 1-800-833-1477

www.mass.gov/dph/diabetes

Pou w plase kòmand pou plis kopi bwochi sa a ale sou: www.maclearinghouse.com

oswa rele 1-800-952-6637.

03/11 Haitian Creole

Plizyè milyon moun gen dyabèt

tip 2 epi yo pa konn sa

Page 2: Konsènan Dyabèt - Health Resource in Actionfiles.hria.org/files/DB702.pdfDYABÈT TIP 1 atake sitou timoun ak jèn adilt, men li kapab parèt a nenpòt laj. Moun ki fè dyabèt tip

Kijan m ka prevni dyabèt?Menm si w gen plis pase youn nan ris ki ka fè w fè dyabèt, ou ka prevni oswa retade dyabèt tip 2 a.Li enpòtan pou…• Manje manje ki bon pou lasante

tankou fwi, vejetab, ak grenn antye.• Fè egzèsis. Fè pou pi piti 30 minit

aktivite fizik, tankou mache, woule sou yon chèz woulant, oswa fè jaden, majorite jou nan semèn nan.

• Si l difisil pou ou pou fè egzèsis pandan 30 minit yon grenn kou, eseye fè 3 sesyon a 10 minit chak.

• Si w twò gwo, pèdi 5-10% nan pwa w.• Pale ak doktè w avan w kòmanse

nenpòt aktivite fizik oswa nenpòt pwogram pou pèdi pwa.

Kisa Dyabèt la ye?Dyabèt vle di li gen twòp sik (glikoz) nan san an. Li se yon maladi kote òganis la pa ka itilize manje jan li dwe itilize l. Kay yon moun ki pa fè dyabèt, yon òmon yo rele ensilin transfòme manje an enèji. Lè yon moun fè dyabèt tip 2, kò li pa fè ase ensilin oswa kò li pa itilize l byen.

Dyabèt ki pa kontwole kapab fè moun vin pa wè, kapab lakoz maladi nan ren ak nan kè, epi ka vin fè yo koupe pye oswa janm.

Ris pou moun fè maladi sikOu kapab gen pi gwo ris pou fè dyabèt tip 2 si:• Ou twò gwo• Ou pa aktif• Ou fè Tansyon• Yon moun k ap bay swen te di w ou

genyen nivo kolestewòl ou ki pa nòmal• Ou se Latino, Afriken-Ameriken, Ameriken

Natif Natal,oswa Asyatik• Ou gen moun nan fanmi w ki fè sik• Ou gen plis pase 45 an• Ou te fè yon ti bebe ki te peze plis pase 9 liv• Yo te di w ou te fè sik pandan yon gwosès,

men li te disparèt apre timoun nan te fèt (dyabèt jestasyonèl)

• Ou gen sètenn kalite andikap

Pale ak doktè w.

Sonje…• Pale ak doktè w konsènan yon

tès sik si w gen ris pou w fè dyabèt.

• Sèlman yon moun ki bay swen kapab di w si w fè oswa si w pa fè dyabèt.

• Ou kapab prevni oswa retade dyabèt tip 2 avèk yon rejim ki bon pou lasante ak aktivite fizik regilye.