Resèt Almanak Manje yo gou hummm yo bon Plop Plop 2014
Resèt Almanak
Manje yo gou hummm yo bon
Plop Plop 2014
EkonomikRapidDirabPwòp
Li bèl, li modèn, li fasil a itilize e wa ka regle volim dife a. L’ap edew ekonomize 100 goud chak semèn nan depans pou chabon.
Konsèy mwa a
Recho PlopPlop ou an pè dlo! Toujou
kenbe’l sèch
JANVYE
6132027
18
152229
29
162330
310172431
Madi Jedi Vandredi Samdi
5121926
Lendi
4111825
Dimanch
7142128
Mèkredi
Indépendance d’HaïtiLes Aïeux
Preparasyon
Koupe joumou an fèl fè 4 moso, netwaye yo, lave yo, epi limen dife a sou pati ki gen fwaye mwayen an sou recho PloPlop doub la. Kite pòt recho a ouvè epi femenl lè dlo a komanse bouyi pandan 20 minit. Pandan tan sa a koupe vyann nan an ti moso, lavel ak vinèg ak zoranj si epi chodel. Pile powo ak lay yo avèk sèl ak magi. Vide epis ki nan pilon an sou vyann nan avèk ji zoranj si epi limen dife a sou ti fwaye recho doub la kite pòt la ouvè jiskaske li pran. Kitel bouyi jiskaske li kwit (45 minit). Kale epi koupe an ti moso kawòt yo, pòm de tè yo, navè yo,bannann ak moso yanm nan. Netwaye chou a epi rapel. Kou joumou an kwit, retirel nan chodyè a epi nan menm chodyè sa a mete kawòt la, bannann nan, yanm nan, pake seleri a, ak lozèy rache ak epina a, chou rape a, pèsi, magi avèk yon ti sèl. Kite pòt recho a ouvè pou chodyè a ka byen bouyi epi fèmen l’aprè. Kraze joumou an. Kan legim soup yo fin bouyi mete pòm de tè a, pase joumou an nan paswa ak dlo bouyi, ajoute makawoni ak vèmisèl yo tou, yon ti bè kizin, yon ti ji zoranj si sil merite epi mete vyann ki gentan kwit la tou. Kite tout bouyi pandan 20 minit. Soup joumou an gentan pare pou moun manje, ou ka menm bwèl avèk yon ti pen si ou vle.
Soup Joumou
Recho Doub (Kantite chabon): 1 mamit
(Kantite moun): 5(Tan): 1 è 30 minit
Engredyan
1 joumou3 liv vyan bèf1 pake celeri, lozèy, epina6 kawòt1 chou2 zorany si1 pake pèsi ak ten3 piman pike1 gwo piman dous2 gwo navè1 moso yanm2 bannann vèt4 gwo powo8 pòm de tè1 pake makawoni 1 pake vèmisèl10 dan lay2 magi, vinèg, jiwòf, bè kizin, lwil
Konsèy mwa a
Se ou kap louvri ou fèmen pòt recho a
pou jwenn valè chalè wap bezwen
FEVRIYE
310
512
613
714
Madi Jedi Vandredi Samdi
29
Lendi
18
15
Dimanch
411
Mèkredi
1724
1926
2027
2128
1623
221825
Preparasyon
Koupe vyann kochon an an plizyè moso, lavel avèk 6 zoranj si mete ti sèl sou li tou avèk enpe vinèg epi kitel repoze pandan kew pral prepare epis la. Pou epis yo, wap pile yon pake jiwòf anvan apre sa wap mete 3 tèt lay yo avèk 10 pye powo, pile yo jiskaske ou melanje tout. Kounya limen dife a sou recho PlopPlop la, fòk nou kite pòt recho a ouvè. Bouyi dlo ak vinèg pou nou lave vyann nan. Mete vyann nan nan yon chodyè, vide epis ki te pile a sou li avèk ji zoranj si, piman pike, jiwòf epi mete chodyè a sou dife a kitel jiskaske vyann nan kwit.
Pou nou byen fri vyann nan, kite chodyè a byen cho epi mete lwil la ladann apre mete vyann nan, kitel nan lwil la jiskaske li vin gen koule jòn. Griyo kochon an gentan pare. Ou ka sèvil avèk bannann peze oubyen diri peyi ak sòs piman.
Griyo kochon
Ti recho(Kantite chabon): ¾ mamit
(Kantite moun): 5(Tan): 2 zè 30 minit
Engredyan3 kg (6.5 liv) vyann kochon10 zoranj si3 tèt lay violèt2 pake pèsi 10 powo4 piman pike1 gwo piman dous4 magi1.5 lit lwil doliv 2 ti pake jiwòfVinèg, sèl
Konsèy mwa a
Swa entelijan e ekonomik,
pa janm plen bol recho PlopPlop
la ak chabon
MAS
3101724
5121926
6132027
7142128
Madi Jedi Vandredi Samdi
29
1623
Lendi
30 31
18
152229
Dimanch
4111825
Mèkredi
Preparasyon
Lè wap netwaye lanbi a sèvi ak yon kouto pouw retire pati ki anbal la, tankou tèt la ak pati ki nwa a. Koupe lanbi an ti moso poul ka kwit pi vit. Lave lanbi a ak zoranj si, epi rensel. Limen dife a, kite pòt recho PlopPlop la ouvè pouw ka gen ase chalè pou manje a ka kwit pi rapid. Lè dlo a komanse bouyi, fèmen pòt recho a a demi epi kite lanbi a bouyi pandan 30 minit. Prepare epis yo kounya, pran yon pilon mete lay ak powo yo ladann epi pile yo (10 minit).
Apre lanbi a fin kwit, videl ak tout epis yo nan yon lòt veso epi kite yo melanje avèk ji zoranj si a ak ti dlo kite yo bouyi ak lanbi a, kitel fè 10 a 15 minit. Pouw prepare sòs la, mete chodyè a sou dife a fèmen pòt recho a demi pouw ka gen mwens chalè, mete ti lwil nan chodyè a epi fri yon ti pat tomat ladann. Mete lanbi a nan chodyè a ak tomat yo, sèvi ak yon paswa pouw vide dlo epis la. Apre sa mete pake pèsi ak piman pike ak jiwòf yo nan chodyè a. Nan anviwon 1 è 25 minit lanbi ya gentan pare. Ou kapab sèvi lanbi a avèk bannann peze ak pikliz.
Lanbi an sòs
Ti recho (Kantite chabon): ½ mamit
(Kantite moun): 5(Tan): 1 è 25 minit
Engredyan1.3 kg (3 liv) lanbi fre3 powo1 pake ten ak pèsi3 piman pike1 gwo piman dous4 zoranj si9 dan lay4 tomat ti joslin2 zonyon1 pake echalòtPat tomatLwil, vinèg, bè kizin, jiwòf, sèl
Konsèy mwa a
Felisitasyon! PlopPlop pa’w la ap edew sove anpil pye bwa
chak lane
AVRIL
7142128
29
162330
3101724
4111825
Madi Jedi Vandredi Samdi
6132027
Lendi
5121926
Dimanch
18
152229
Mèkredi
Vendredi SaintDimanche Pâques
Preparasyon
Vide vinèg ak sèl sou pwason yo, sèvi ak yon kouto pou w retire kal ki sou pwason yo, epi lave yo ak zoranj si ak sitwon, melanje dan lay yo ak powo yo pile yo nan yon pilon, vide epis la sou pwason yo mete dlo zoranj si sou yo tou. Kite yo tranpe pandan 15 minit pou epis la byen antre ladan yo. Limen dife a sou recho PloPlop la epi pa bliye fèmen pòt recho a a demi aprel fin limen pouw pa gen twòp chale. Lè chodyè a cho vide lwil la ladann. Avèk yon paswa vide dlo epis la nan chodyè a epi mete pwason yo ladann. Kite l bouyi pandan 25 minit. Koupe zonyon sou pla pwason an ki gentan pare pou moun manje. Ou kapab sèvil avèk bannann peze oswa bouyi, avèk diri nasyonal e menm ak mayi blan jan ayisyen renmen dil la.
Pwason gwo sèl
Recho Mwayen(Kantite chabon): ¼ mamit
(Kantite moun): 10(Tan): 1 è 45 minit
Engredyan6 liv pwason fre4 pye powo1 pake pèsi ak ten3 piman pike1 gwo piman dous3 zoranj si2 zonyon10 sitwon15 dan layLwil, bè kizin, jiwòf, vinèg, sèl
.
Konsèy mwa a
Wow, gade? Ou pa wè lè w
kouvri chodyè a li bouyi pi vit!
ME
5121926
7142128
18
152229
29
162330
Madi Jedi Vandredi Samdi
4111825
Lendi
310172431
Dimanch
6132027
Mèkredi
Fête du travailFête du drapeau
Preparasyon
Netwaye legim yo, lave yo, rense yo avek dlo pwòp epi dekoupe yo tikal pa tikal. Netwaye epis yo (lay, powo) apre sa pile yo nan yon pilon ansanm ak mori a. Limen dife a nan yon ti recho PlopPlop avèk bwa pen kite pòt recho a ouvè. Mete lwil nan chodyè a, lè lwil la cho mete epis yo fri ladanl. Apresa mete yo ak pwa frans, legim lan epi dlo kokoye graje a. Kite yo fri pandan 20 minit, mete 1200 g dlo ki egal a 1/4 galon dlo. Aprè dlo a fin bouyi mete diri a epi demi fèmen pòt recho a, kitel bouyi jiskaske dlo a fin chèch nèt (pandant 35 minit), sèvi diri jadinyè a tou cho.
Diri jadinyè
Ti recho(Kantite chabon): ¼ mamit
(Kantite moun): 6(Tan): 70 minit
Engredyan0.5 kg (0.5 mamit) diri Shela500 g (2 ti mamit) pwa frans1 tèt chou4 grenn magi4 ti tomat3 piman pike2 piman dous2 pye powo1 pake ten ak pèsi400 g kreson6 dan lay3 kawòtYon moso mori50 g bè kizin200 g ji kokoye400 g fèy epina
JENKonsèy mwa a
Recho PlopPlop la pa bay lafimen e li kenbe kwizin
nan pwòp
29
162330
4111825
5121926
6132027
Madi Jedi Vandredi Samdi
18
152229
Lendi
7142128
Dimanch
3101724
Mèkredi
Fête Dieu
Preparasyon
Melanje farin nan ak fig mi yo, mete bè a nan farin nan epi brase yo ansanm avèk menw. Bat jòn ze yo avèk zès sitwon yo ansanm apre sa videl nan farin nan. Byen melanje kanèl, sik avèk lèt la avan nou vide yo nan farin nan. Byen mètri farin nan e fèl byen fen avèk yon woulo pou pat la ka byen elastik. Lè pat la fin byen prepare koupe li an moso pouw fè kokiyòl yo. Limen dife a ak pòt recho a ouvè jiskaske lwil la byen cho apresa fèmen pòt recho PlopPlop la pou bese volim dife a pou pèmèt kokiyòl la byen kwit. Fri pat la pandan 4 a 5 minit. Mete sik blan sou li kokiyòl la pare pou manje.
Kokiyòl
Ti recho(Kantite chabon): ½ mamit
(Kantite moun): 6(Tan): 45 minit
Engredyan3 fig mi3 ze peyi1 tas sik1 baton bèEnpe kanèl fen0.5 lit lwil, sèl2 bwat lèt konsantre3 sitwon
.
Konsèy mwa a
Konbyen chabon bwa ou sove
pandan wap itilize recho PlopPlop pa’w
la mwa sa a?
JIYÈ
7142128
29
162330
310172431
4111825
Madi Jedi Vandredi Samdi
6132027
Lendi
5121926
Dimanch
18
152229
Mèkredi
Preparasyon
Limen dife a nan yon ti recho PlopPlop ak pòt la ouvè. Fè pwa a byen kwit nan yon chodyè oubyen yon kastwòl pandan 60 minit, ak pòt la demi fèmen depi li kòmanse bouyi. Pandan se tan kòmanse pile epis. Kan pwa kwit vide li nan yon lòt veso epi remete chodyè a sou recho a ankό avèk lwil (pòt recho ouvè) mete epis kite deja pile yo nan lwil cho a kite’l fri pandan 2 a 3 minit avan nou met pwa, ji kokoye a, jiwόf, magi, bè, pèsi ak ten.Kite fri pandan 5 minit apresa wouze’lak bouyon pwa a. Apre’l fin bouyi, byen lave mayi an epi metel nan dlo bouyi a, brase mayi a ak yon kiyè bwa pandan 5 premye minit yo apresa kouvri’l, demi fèmen pòt recho a, epi kitel kwit ak yon tikal flanm pandan 40 minit. Manje a pare ka sèvi ak legim ou sόs pwason.
Mayi moulen ak pwa
Ti recho(Kantite chabon): ¾ mamit
(Kantite moun): 6(Tan): 1 e 40 minit
Engredyan400 g (1.5 ti mamit) mayi moulen150 g (0.5 ti mamit) pwa wouj1 moso kokoye1 pake ten ak pèsi3 dan lay2 magi1 powoJiwòf, lwil doliv, bè pou kizin, sèl
.
Konsèy mwa a
Plastik pa bon pou sante nou, pa janm
itilizel pou limen dife
DAWOUT
4111825
6132027
7142128
18
152229
Madi Jedi Vandredi Samdi
3101724
Lendi
31
29
162330
Dimanch
5121926
Mèkredi
Assomption
Preparasyon
Limen dife a nan yon ti recho PlopPlop ak pòt la ouvri. Fè dlo a bouyi epi mete spageti a jiskaske yo kwit (8 a 9 minit) brase’l tanzantan pou yo pa kole ansanm. Ou ka itilize yon paswa pou retire tout dlo nan spageti a anvan ou metel nan sòs la. Pou prepare sòs la, mete lwil nan chodyè a, epis yo byen pile ak moso mori yo, epi brasel avèk bè kizin nan, fwomaj rache, pèsi ak ten. Kitel ramoli pou 5 minit apre sa mete spageti a nan chodyè a, bwasel ak epis yo pandan 5 minit epi kitel pou anviwon 5 minit sou dife a. Spageti a deja pare.
Spageti
Recho Doub(Kantite chabon): ¼ mamit
(Kantite moun): 6(Tan): 25 minit
Engredyanspageti3 dan lay2 magi1 piman dous2 piman pike1 moso mori1 moso fwomaj1 pake ten ak pèsi1 zonyonBè kizin2 pye powo2 tomat3 ze peyi
.
Konsèy mwa a
Siw twò plen chodyèw ak dlo li
pral tonbe sou recho PlopPlop ou
an ki pè dlo
SEPTANM18
152229
3101724
4111825
5121926
Madi Jedi Vandredi Samdi
7142128
Lendi
6132027
Dimanch
29
162330
Mèkredi
Preparasyon
Limen dife sou mwayen recho PloPlop doub la, kite pòt la ouvè answit mete 5 dl dlo nan yon chodyè pou mete tchaka a bouyi pandan 1 è de tan kite pòt la ouvri jiskaske dlo a bouyi, lè dlo a kòmanse bouyi fèmen pòt recho PlopPlop la a demi. Pandan tan sa a koupe vyann nan, lavel ak vinèg, zoranj si, answit limen dife nan plas piti recho PlopPlop doub la pou mete yon lit dlo bouyi pa bliye kite pòt recho a ouvè, vide dlo bouyi a sou vyann nan epi kite li degoute pandan 3 minit. Koulye a netwaye lay yo ak powo yo, pile yo ansanm, mete nan chodyè a: asid sitwon an, ji zoranj si a, lwil la, epis la ak moso vyann yo ak vyann moulen an tranpe pandan 10 minit nan moutad la mete pake ten ak pèsi a tou, apre sa mete chodyè a sou ti fwaye a epi fèmen pòt la kitel bouyi tou dousman ajoute ti dlo ladann sil pa fin lage. Kanl fin lage metel nan Tchaka a. Lè tchaka fin fè 1 è de tan ap bouyi ajoute vyann nan, pois frans vèt la, kawòt la, militon an, epina ak tout lòt epis ki te rete yo, pou fini kite li bouyi 45 minit ankò jiskaske tout bagay yo byen kwit ak yon ti dife. Donk Tchaka a gentan pare.
Tchaka Ayisyen
Recho Doub (Kantite chabon): 1 è 1/2 mamit
(Kantite moun): 10(Tan): 1 è 25 minit
Engredyan1 gwo mamit mayi tchaka1.6 kg oubyen 3.5 liv vyann bèf700 g oubyen 1.5 liv vyann bèf moulen4 magi poul2 ti pake epina200 g (Yon ti mamit pwa tann) 6 kiyè lwil (kiyè yo manje)1 pake ten ak pèsi5 dan lay violèt6 zoranj siSitwon800 g oubyen 4 ti mamit pwa frans vèt4 mwayen kawòt2 pye powo3 piman pike vèt2 gwo piman dous 1 grenn militon
Konsèy mwa a
Byen pran swen recho PlopPlop
la, pa janm kitel nan lapli oubyen kote ki
mouye
OKTÒB
6132027
18
152229
29
162330
310172431
Madi Jedi Vandredi Samdi
5121926
Lendi
4111825
Dimanch
7142128
Mèkredi
Mort de Dessalines
Preparasyon
Limen dife sou recho PloPlop mwayen an kite pòt la ouvè jiskaske dlo a bouyi, lè dlo a komanse bouyi demi fèmen pòt recho a. Koupe vyann kabrit la po ak tèt la, lave yo avek vinèg, zoranj si ak sitwon, answit vide dlo bouyi a sou vyann nan epi kitel degoute pandan 2 minit. Koulye a koupe zonyon, pom de tè, kawòt ak tomat la, apre sa pile lay la powo ak jenjanm nan ansanm. Mete nan chodyè a, asid sitwon an, ji zoranj si a, lwil la, epis la ak vyann kabrit la tranpe pandan 10 minit. Apre sa mete li sou dife pa bliye pandan ou mete chodyè a sou dife a pou mete zonyon an, kawòt la, pòm de tè a, pake ten ak pèsi a. Fèmen pòt recho a lè chodyè a kòmanse bouyi epi kite li pandan 1 èd tan, pa bliye wouze vyann nan tanzantan pou li ka byen kwit sitou si vyann nan di.
Ragou kabrit
Recho Mwayen(Kantite chabon): ¾ mamit (Kantite moun): 10(Tan): 1 è 25 minit
Engredyan9.5 liv vyann kabrit (po melanje ak tèt kabrit la)1 ti echalòt3 gwo piman dous 200 g (yon ti mamit pwa tann) 4 magi poul8 mwayèn tomat peyi 4 kiyè lwil (kiyè yo manje)6 zoranj si4 zonyon4 kawòtJenjanm1 pake ten ak pèsi
Konsèy mwa a
Ak recho PlopPlop wap ekonomize anpil lajan nan
chabon pou achte yon lòt recho
chak mwa
NOVANM
3101724
5121926
6132027
7142128
Madi Jedi Vandredi Samdi
29
1623
Lendi
30
18
152229
Dimanch
4111825
Mèkredi
La ToussaintFête des Morts
Bataille de vertières
Preparasyon
Limen dife sou ti recho PloPlop la, kite pòt la ouvè epi mete dlo nan yon kastwòl, mete pwa kongo a, powo ak dan lay yo kwit kite pòt la ouvri jiskaske pwa a bouyi, lè sa a demi-fèmen pòt recho PlopPlop la kite li bouyi pandan 1è de tan. Pile yon pati nan pwa kwit la epi pasel nan paswa videl nan kastwòl la. Apre sa mete bè kwizin nan, magi a, pake ten ak pèsi a, piman vèt ak piman dous la rache a. Lè pwa a prèske bon mete jenjanm dous la avèk yon ti kiyè. Kitel bouyi pandan 15 minit ak yon ti dife anbal jiskaske sòs pwa vin pwès. Limen dife sou mwayen recho PloPlop la kite pòt la ouvè, mete yon chodyè sou dife a kitel byen cho, vide 6 kiyè lwil, apre sa mete powo ak ti sèl fri pandan 10 segond apre sa vide dlo pou pitimi an. Depi dlo a bouyi mete pitimi an avèk yon ti bè epi fèmen pòt recho a jiskaske li kwit. Sèvi sòs pwa a avèk pitimi an.
Pitimi ak sòs pwa kongo
Recho Doub(Kantite chabon): 1 mamit
(Kantite moun): 10(Tan): 1 è 45 minit
Engredyan1800 g oubyen 3 ti mamit pitimi1 ti pake echalòt3 gwo piman dous 2 pye powo2 magi poul6 kiyè lwil (yo manje)5 dan lay1 gwo piman dous3 kg oubyen yon gwo mamit pwa kongo3 magi poul3 kg (1 gwo mamit) pwa kongo2 piman pike vètJenjanm1 kiyè sik (kiyè yo manje)3 pye powo
Konsèy mwa a
Gade recho PlopPlop ou an
pwòp, toujou siye li ak yon chifon ki pa
mouye
DESANM18
152229
310172431
4111825
5121926
Madi Jedi Vandredi Samdi
7142128
Lendi
6132027
Dimanch
29
162330
Mèkredi
Jour de Noël
Preparasyon
Limen dife a nan ti recho PlopPlop la kite pòt la ouvè, mete 3 lit dlo bouyi. Koupe gòj poul la epi rantre l’nan dlo bouyi a epi retirel pou li ka deplimen pi fasil, fè sa jiskaske poul la fin deplimen nèt. Epi flanbe l’ak yon moso papye. Apre sa lavel ak yon zoranj si, rensel epi kòmanse pa koupe pat yo, kwis yo, zèl yo. Netwaye tèt la ak tout lòt pati yo. Sa ki pa bon yo jete yo, epi fann kò poul la an 2 retire kè a, fwa a ak jizye a. Lave tout ak zoranj si. Mete yon lit dlo bouyi epi videl sou poul la nan chodyè a pouw kapab chodel. Apre sa mete epis pile yo avèk yon ti lwil, ten ak pèsi, moso poul yo avèk yon ti zoranj si. Kitel tranpe kèlke minit, metel sou dife epi fèmen pòt la. Kitel bouyi tou dousman pandan 45 minit. Retire poul la nan chodyè a epi fri yo nan lwil pòm de tè a ak bannann koupe yo. Kite pòt recho a ouvè. Kou tout pare sèvi yo ak vyann nan ak pikliz.
Poul peyi
Ti recho(Kantite chabon): ½ mamit
(Kantite moun): 5(Tan): 1 è 35 minit
Engredyan1 poul peyi (1.5 kg)1 zoranj si5 sitwon mi4 pye powo1 tèt lay3 piman pike vèt1 piman dous1 pake ten ak pèsiZonyon, tomat, piklizMagi poulPòm de tè
LIFELINEManje pwòp pou lavi
Pi bon gou - maje a fèt pi vitRecho a ekonomize anpil chabon
e: [email protected] - t: +509 3638 0915Facebook: facebook.com/RechoPlopPlopPlus
Yon gran mèsi ak tout moun ki te rann pwojè sa a posibOswalda Saint-Victor, Leonne Seizeme, Dagena Casseus,
Guerline Pierre, Lunique Hilaire, Leslie G. Nerette
ph
otos
by:
Raf
fael
la B
ella
nca
- d
esig
ned
by:
deb
orah
ter
ry
- c
ookw
are
pro
du
ced
by:
Hai
ti M
etal